Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 17:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Mwen te fè lwanj pou ou sou latè, mwen fini travay ou te ban m fè a nèt.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Mwen te fè yo wè bèl pouvwa ou sou tè sa a. Mwen fè tou sa ou te ban m fè.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Mwen te bay Ou glwa sou latè, lè M te acheve travay ke Ou ban M fè a.

参见章节 复制




Jan 17:4
13 交叉引用  

Paske m ap di nou sa, pawòl ki te ekri nan Bib la, fòk li rive vre nan lavi mwen: Yo mete l nan menm panye ak mechan yo. Sa k te ekri sou mwen yo pral akonpli.”


Papa, fè wè glwa w non!” Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: “Mwen fè wè glwa m deja, epi m ap fè wè glwa m ankò.”


epi tout sa nou va mande nan non m, m ap fè l, pou Papa a kapab glorifye nan Pitit la.


Men, pou lemonn ka konnen mwen renmen Papa a epi mwen fè sa li mande m fè, an n leve, an n pati kite isit la.”


Si nou fè sa m kòmande nou fè, n ap kontinye viv nan lanmou mwen, menm jan mwen menm, mwen fè sa Papa m kòmande m, epi m kontinye viv nan lanmou li.


Apre sa, poutèt Jezi konnen tout bagay te fin akonpli, pou Bib la te ka akonpli nèt, li di: “Mwen swaf.”


Kou Jezi pran vinèg la, li di: “Misyon akonpli.” Epi, li bese tèt li, li rann dènye souf li.


Jezi di: “Manje m se fè volonte moun ki voye m nan, manje m se fini travay li te ban m fè a.


Men mwen gen yon temwanyaj pou mwen ki pi gran pase tout sa Janbatis te di. Bagay m ap fè yo se temwanyaj mwen. Se sa Papa m te ban m fè. Yo temwanye Papa a te voye m vrèman vre.


Jezi reponn: “Se pa ni peche pa l ni peche paran l yo, men se yon okazyon pou Bondye fè wè puisans li nan sa l ka fè.


Men, pou mwen menm, m pa gade lavi m tankou yon bagay enpòtan pou m chache pwoteje. Sa k pi enpòtan pou mwen se pou m fè travay Senyè Jezi banm fè a, pou m anonse Bòn Nouvèl konsènan gras Bondye ap ofri moun nan.


Mwen te mennen yon bon konba, mwen fini kouri nan kous la, mwen sèvi Senyè a fidèlman.


跟着我们:

广告


广告