Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 17:26 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

26 Mwen fè yo konnen ki moun ou ye, epi m p ap manke kontinye fè sa, pou lanmou ou gen pou mwen kapab nan yo, epi mwen menm mwen kapab nan yo.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

26 Mwen te fè yo konnen ki moun ou ye. M'ap kontinye fè sa toujou, pou kalite renmen ou gen pou mwen an ka nan yo, pou mwen menm mwen ka nan yo tou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 E Mwen te fè non Ou rekonèt a yo, e yo va fè l rekonèt; pou menm lamou ke Ou renmen Mwen an, kapab nan yo, epi Mwen menm nan yo.”

参见章节 复制




Jan 17:26
28 交叉引用  

Nan jou sa a, nou va konnen mwen nan Papa m, nou menm nou nan mwen epi mwen menm mwen nan nou.


Jezi reponn li: “Si yon moun renmen m, l ap fè sa m mande, epi Papa m ap renmen l, epi n ap vin tabli nou lakay li.


Mwen pa rele nou senp sèvitè, paske yon sèvitè pa konn sa mèt li ap fè. Men nou menm, mwen rele nou zanmi, paske mwen fè nou konnen tout sa m tande Papa m di.


Rete branche nan mwen, epi mwen menm m ap rete branche nan nou tou. Menm jan ak branch rezen ki pa kapab donnen poukont li san l pa rete atache nan pye rezen an, se kon sa tou nou pa kapab donnen si nou pa rete branche nan mwen.


Menm jan Papa a renmen m, kon sa tou mwen renmen nou. Kontinye viv selon ansèyman mwen yo, epi mwen menm va renmen nou.


Mwen nan yo, menm jan ou menm ou nan mwen. Se pou yo rive fè youn nèt ale. Konsa, moun nan lemonn ka rekonèt se ou ki te voye m, epi tou ou renmen yo, menm jan ou renmen m nan.


Mwen fè moun ou te pran ban mwen nan lemonn yo konnen ki moun ou ye. Se pou ou yo te ye, ou ban mwen yo, epi yo mete Pawòl ou an pratik.


Paske pawòl mwen te pale yo se pawòl pa w ou te ban mwen. Yo aksepte pawòl ou yo. Yo konnen mwen soti kote w toutbon vre, yo kwè se ou ki voye m.


Lavi pa m menm ap nan moun sa a k ap jwi tan l pou l manje kò mwen epi k ap bwè san mwen. Moun sa a ap mennen yon relasyon sere sere ak mwen.


Mwen menm, se pa glwa m ap chache pou tèt mwen. Gen yon moun k ap chache l (pou mwen) epi k ap jije.


Men si Kris ap viv nan nou, lè sa a, Sentespri a ban nou lavi paske nou te libere anba peche ak lanmò. Sa se yon verite, menm si kò nou deja nan wout pou mouri poutèt peche.


Se li menm ki fè nou fè youn avèk Jezikris. Se Bondye ki fè Kris la tounen sajès pou nou. Se pa mwayen Kris la Bondye deklare nou jis. Li chwazi nou pou nou viv pou li. Li delivre nou anba peche nou yo.


Chak moun gen yon kò, men kò a gen plizyè pati. Tout pati sa yo fòme yon sèl kò. Se menm jan an tou kò Kris la ye.


Konsa, nou wè m ap viv, men se pa mwen k ap viv, se Kris k ap viv nan mwen. M ap viv nan kò a, se paske pitit Bondye a renmen m, li bay lavi l pou mwen epi mwen mete konfyans mwen nan li.


Konsa, tout moun va wè grandè gras li pou nou pa mwayen Jezi, Pitit byeneme l la. Tout moun va fè louwanj pou gras li.


Mwen mande l tou, pou Jezikris abite nan kè nou poutèt lafwa nou. Mwen priye tou pou nou pouse rasin, pou nou kanpe djanm nan renmen.


paske nou se manm kò li.


Gen yon gwo mistè nan pawòl sa a. M ap pale de Kris la ansanm ak legliz la.


Bondye te vle fè pèp li a konnen kijan plan sekrè li genyen an gran, epi kijan li disponib pou tout pèp sou latè. Plan an se: poutèt nou gen Jezikris nan lavi nou, se espwa pou nou antre nan laglwa Bondye.


Nou menm tou, nou pa manke anyen, poutèt lavi nou ki an kominyon ak Kris la. Se Kris ki chèf sou tout chèf ak tout otorite.


Poutèt n ap mennen yon lavi tounèf nan Kris, kit nou se moun lòt nasyon, kit nou se Jwif, kit nou sikonsi, kit nou pa sikonsi se pa sa ki enpòtan. Li pa enpòtan nonplis pou n ta pale lang etranj si nou se moun peyi Sit. Kit nou se esklav kit nou se moun lib, se pa sa ki enpòtan. Sa ki enpòtan an se Kris ki nan lavi nou tout.


Kounye a se pou Jezikris Senyè nou an ansanm ak Bondye Papa nou, li menm ki te montre nou kijan li renmen nou epi tou ki ban nou, nan gras li, ankourajman etènèl ansanm ak yon esperans solid,


Li di: “Bondye, m ap pale de ou devan frè m ak sè m yo. M ap chante louwanj ou devan tout moun.”


Moun ki obeyi kòmandman Bondye yo, se moun k ap viv nan Bondye. Epi Bondye ap viv nan yo. Kòman nou kapab konnen Bondye ap viv nan nou? Nou konnen sa, paske Bondye ban nou Sentespri li.


跟着我们:

广告


广告