Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 16:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Poutan sa m di nou an se vre, li plis nan enterè nou si m ale. Paske si m pa ale, Konsolatè a p ap vini jwenn nou. Men, si m ale, m ap voye L pou nou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Men, m'ap di nou laverite: L'ap pi bon pou nou wi si m'ale. Paske, si m'pa ale, moun ki pou vin pwoteje nou an p'ap vini. Men si m'ale, m'ap voye li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 “Men Mwen di nou laverite se nan lavantaj pa nou ke M ap prale. Paske si M pa ale, Konseye a p ap vin kote nou, men si M ale, M ap voye Li bay nou.

参见章节 复制




Jan 16:7
19 交叉引用  

Mwen menm, mwen pral voye ban nou sa papa m te pwomèt la. Men nou menm, se pou n rete la nan vil Jerizalèm jouktan nou resevwa puisans k ap soti anwo nan syèl la.”


M ap di nou sa tou, te gen anpil vèv nan peyi Izrayèl nan tan pwofèt Eli. Men lè syèl la te fèmen pandan twa zan si mwa, epi te gen yon gwo grangou tonbe nan tout peyi a,


Nou mèt kwè m lè m di nou kèk nan nou ki la jodi a ap wè wayòm Bondye a vini ak puisans anvan nou mouri.”


Men, Konsolatè a, Sentespri a Papa a ap voye nan non m nan, l ap anseye nou tout bagay epi l ap fè n sonje tout sa m te konn ap di nou.


Nou te tande m di nou mwen prale epi m ap tounen vin jwenn nou. Si nou te renmen m, nou t ap kontan dèske m prale jwenn Papa m, paske Papa m gen plis pouvwa pase m.


Lè m va ale, epi m va fin prepare yon plas pou nou, m ap tounen epi m ap pran nou avèk mwen. Konsa, kote m ye a se la nou va ye tou.


Lè konsolatè a va vini, moun m ap voye soti lakay Papa a, Lespri verite Papa a ap voye a, l ap rann temwanyaj pou mwen.


Lè konsolatè a vini, l ap montre moun nan lemonn kijan yo antò. Yo antò pou sa ki konsènen ki moun ki yon pechè. Yo antò sou sa k konsène ki moun k ap jwenn apwobasyon Bondye, epi yo antò tou sou sa k konsène ki moun k ap tonbe anba jijman Bondye.


Se te de Lespri Bondye a Jezi t ap pale. Moun ki te kwè nan Jezi ta gen pou resevwa Lespri Bondye a nan yon ti kras tan. Men nan lè sa a, yo pa t ko genyen Lespri Bondye, paske Jezi pa t ko monte pou l antre nan glwa li.


Pyè pran lapawòl, li di: “Kounye a mwen wè toutbon vre, Bondye pa gade pèsonn pou pi bon pase lòt moun.


Jezi monte nan syèl la. Li adwat Bondye menm. Li resevwa Sentespri Papa a te pwomèt la nan men Bondye Papa a. Se Sentespri sa a li vide sou nou. Sa n ap wè la a, ak sa n ap tande yo, se Sentespri sa a menm k ap manifeste.


Nou konnen Bondye ranje tout bagay yon fason pou yo tounen byen pou moun ki renmen l yo. Moun sa yo se moun Bondye chwazi paske l te planifye l konsa.


Soufrans n ap fè fas jodi a, yo la pou yon ti tan, epi y ap ede genyen yon glwa etènèl. Anplis, yo pa reprezante anyen devan glwa etènèl ekstraòdinè nou gen pou n al jwi.


跟着我们:

广告


广告