Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 16:32 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

32 Gen yon jou k ap vini, epi se jodi a menm, nou gen pou n gaye, chak moun apral lakay yo, epi n ap kite m poukont mwen. Men, mwen pa sèl, paske Papa a avè m.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

32 Gade, yon lè gen pou rive, epi li rive deja, kote nou pral gaye, nou chak pral fè yon bò: nou pral bandonnen mwen poukont mwen. Men mwen pa poukont mwen vre, paske Papa a la avèk mwen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 Veye byen, lè a ap vini, e gen tan vini deja, pou nou vin gaye, chak a pwòp kay li, e pou kite M sèl. Men M p ap sèl, paske Papa a toujou avè M.

参见章节 复制




Jan 16:32
22 交叉引用  

Apre sa Jezi di disip yo: “Aswè a nou tout gen pou n kouri kite m, paske men sa ki ekri nan Bib la: M ap touye bèje a, epi mouton yo ap gaye toupatou.


Antouka, sa pase kon sa pou pawòl pwofèt yo te ka akonpli.” Apre pawòl sa yo, tout disip yo gaye.


Apre sa Jezi di disip yo: “Nou tout gen pou n kouri kite m, paske men sa ki ekri nan Bib la: M ap touye bèje a epi mouton yo ap gaye toupatou.


Lè sa a, disip Jezi yo abandone l, yo kouri.


Men, Jezi reponn yo konsa: “Moman an rive pou Pitit Lòm nan resevwa glwa li.


Yo va mete nou deyò nan Sinagòg yo. Pi plis ankò, gen yon lè k ap vini, kote yon moun ki touye nou ap kwè se sèvis l ap rann Bondye.


Mwen di nou tout bagay sa yo an parabòl, men gen yon jou k ap vini kote mwen p ap pale ak nou kon sa ankò, men m ap fè nou konnen aklè sa k konsène Papa a.


Jezi reponn yo: “Nou kwè kounye a?


Apre sa li di disip la: “Men manman w.” Depi lè sa a, disip la pran manman Jezi lakay li.


Apre sa, disip yo te tounen lakay yo.


Jezi reponn li: “kwè m si ou vle, madanm! Lè a rive, kote se pa ni anwo mòn sa a ni Jerizalèm moun pral adore Bondye Papa a.


Men, gen yon jou k ap vini, epi jou a rive deja, vrè adoratè Bondye yo pral adore Bondye Papa a anba kontwòl Sentespri a epi selon verite a. Se kalite adoratè sa yo menm Bondye Papa a ap chache pou adore l.


Sa m ap di nou la a, se vre, nou ta dwe kwè sa. Epi kite m di nou yon lòt bagay, gen yon jou enpòtan k ap vini. Jou sa a gentan la. Moun ki mouri va tande vwa Pitit Bondye a. Epi moun ki tande se yo ki va gen lavi.


Pa sezi. Gen yon jou k ap vini kote tout moun ki mouri pral tande vwa Pitit la.


Men, si m ap jije, jijman m ap kòrèk, paske m pa poukont mwen. Men Papa a ki voye m nan li ansanm ak mwen.


Epi moun ki voye m nan la ak mwen; li pa kite m poukont mwen, paske mwen toujou fè bagay ki fè l plezi.”


Apre nou fin di youn lòt orevwa, nou monte nan batiman an epi yo menm yo retounen lakay yo.


Sòl te dakò nèt pou yo te touye Etyèn. Nan peryòd sa a tou te gen yon kokenn chenn pèsekisyon ki te vin leve kont legliz Jerizalèm nan. Tout fidèl yo te gaye nan tout rejyon Jide a ak nan rejyon Samari. Se apot yo sèlman ki te rete Jerizalèm.


跟着我们:

广告


广告