Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 16:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Yo va aji kon sa paske yo pa konnen ni mwen ni Papa m.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Y'ap fè tou sa paske yo pa konnen ni Papa a ni mwen menm.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Bagay sa yo, yo va fè paske yo pa t janm konnen Papa a, ni Mwen.

参见章节 复制




Jan 16:3
17 交叉引用  

Papa m remèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konnen kilès Pitit la ye, eksepte Papa a. Pèsonn pa konnen kilès Papa a ye nonplis, eksepte Pitit la ak moun Pitit la chwazi pou fè konnen Papa a k ap konnen Papa a.


Yo va fè nou sibi tout bagay sa yo poutèt mwen, paske yo pa konnen moun ki voye m nan.


Moun ki rayi m rayi Papa m tou.


Papa, ou menm ki jis, menm lè lemonn pa konnen w, mwen menm mwen konnen w, epi disip mwen sa yo rekonèt se ou menm ki voye mwen.


Lavi etènèl se lè yon moun konnen w kòm sèl vrè Bondye, epi lè l konnen Jezikris, moun ou voye a.


Moun yo mande l: “Ki kote Papa w ye?” Jezi reponn yo: “Nou pa konnen m, nou pa konn Papa m. Si nou te konnen m, nou t ap konn Papa m.”


Nou pa konnen li, poutan mwen menm mwen konnen li. Si m ta di m pa konnen li, mwen ta yon mantè, menm jan ak nou. Men mwen konnen l epi mwen fè sa l anseye.


Frè m yo, mwen rekonèt nou te touye Jezi, paske ni nou menm ni otorite nou yo pa t konnen sa nou t ap fè a byen.


Okenn otorite nan mond sa a pa t rive konnen sajès sa a. Si yo te konnen l, yo pa t ap krisifye Senyè ki gen anpil glwa a.


Jezi ap vini ak dife byen wouj pou l pini tout moun ki pa konnen Bondye yo, moun ki refize aksepte Bòn Nouvèl konsènan Jezi, Segnè nou an.


Poutan, anvan sa, mwen te fè l anpil mal, mwen te pèsekite moun pa l yo, mwen te yon nonm ògeye epi vyolan. Men Bondye fè m gras, mwen t ap aji nan inyorans, se te anvan m te kwè nan Jezi.


Nenpòt moun ki pa kwè nan pitit la, li pa genyen Papa a non plis; sila a ki kwè nan Pitit la, li genyen Papa a tou.


Gade kijan Papa a renmen nou: Li rele nou pitit Bondye. Epi, se sa nou ye vre. Men, moun ki nan mond lan pa konnen nou, paske yo pa konnen Bondye.


Moun ki pa genyen lanmou nan kè l pa konnen Bondye, paske Bondye se lanmou.


Nou konnen Pitit Bondye a te vini epi li te ban nou entèlijans pou nou konnen Verite a. Epi nou nan verite a, nan Pitit li a, Jezikris. Se li ki Bondye toutbon vre a, se li ki lavi etènèl la.


跟着我们:

广告


广告