Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 16:27 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

27 paske Papa a menm li renmen nou paske nou renmen m, epi paske nou kwè m soti bò kote Bondye.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

27 paske Papa a li menm, li renmen nou. Li renmen nou paske nou renmen m, paske nou kwè mwen sòti nan Papa a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Paske Papa a Li menm, renmen nou paske nou renmen Mwen, e te kwè ke Mwen te sòti nan Papa a.

参见章节 复制




Jan 16:27
26 交叉引用  

Nenpòt moun ki renmen manman l ak papa l plis pase m pa diy pou l vin disip mwen. Nenpòt moun ki renmen pitit gason l oswa pitit fi l plis pase m pa diy pou l vin disip mwen.


Moun ki genyen kòmandman m yo epi ki fè sa m mande, se moun sa a ki renmen m. Moun ki renmen m, Papa m ap renmen l. Mwen menm m ap renmen l tou, epi m ap fè l konnen ki moun mwen ye.”


Jezi reponn li: “Si yon moun renmen m, l ap fè sa m mande, epi Papa m ap renmen l, epi n ap vin tabli nou lakay li.


Kounye a nou konnen ou menm, ou konn tout bagay, epi ou reponn kesyon yo menm anvan nou mande w yo. Se poutèt sa nou kwè se Bondye ki voye w.”


Mwen nan yo, menm jan ou menm ou nan mwen. Se pou yo rive fè youn nèt ale. Konsa, moun nan lemonn ka rekonèt se ou ki te voye m, epi tou ou renmen yo, menm jan ou renmen m nan.


Se te premye mirak Jezi te fè. Sa te pase nan Kana, yon ti vil, nan teritwa Galile. Konsa, Jezi te montre grandè li epi disip li yo kwè nan li.


Pèsonn pa janm monte nan syèl, eksepte moun ki te desann soti nan syèl la, Pitit Lòm nan.


Mwen konnen l paske se kote l mwen soti, epi se li menm ki voye m.”


Jezi reponn yo: “Si Bondye te papa nou, nou ta renmen m. Paske se Bondye ki voye m, mwen pa vini pou pwòp tèt mwen, men se li menm ki voye m.


Wi, Lalwa pa t gen fòs pou l ede nou poutèt feblès lachè nou. Men Bondye fè sa Lalwa pa t ka fè a: Li voye Pitit li a vini nan yon kò ki menm jan ak kò nou sèvi pou n peche a. Bondye voye l pou l regle koze peche a. Bondye kondane peche lachè sa a.


Premye Adan an te soti nan pousyè latè. Dezyèm Adan an soti nan syèl.


Nenpòt moun ki pa renmen Senyè a, se yon moun ki modi nèt. Senyè, ou mèt vini!


Lanmou Kris la ranpli kè nou, paske nou konnen yon sèl moun mouri pou tout moun. Sou baz sa a, se nou tout ki te mouri.


Men, lè lè a te rive, Bondye te voye Pitit li a, yon fanm te ba l nesans epi li te viv anba Lalwa.


Gras Bondye avèk tout moun ki renmen Senyè Jezikris ak yon lanmou ki p ap janm fin i.


Mesaj sa a se verite a, nou dwe resevwa l san ezite: Jezikris te vin nan lemonn pou l sove pechè yo. Mwen menm, mwen se premye nan yo.


Senyè a korije tout moun li renmen; li pini tout moun l aksepte kòm pitit li.”


Nou pa ko wè Kris, men sa pa anpeche nou renmen l. Nou pa ka wè l kounye a, men nou kwè nan li. Kè nou ranpli ak yon kontantman nou pa ka eksplike.


Pou nou menm, nou renmen, paske Bondye te renmen nou an premye.


Moun mwen renmen, mwen tire zòrèy yo pou korije yo. Alò, fè plis efò, repanti w epi chanje konduit ou!


Gade, m ap ba w moun sinagòg Satan yo. Yo di se Jwif yo ye, se pa vre: yo manti. M ap fè yo vin mete ajenou nan pye w pou adore w. M ap fè sa pou yo kapab konnen mwen renmen w.


跟着我们:

广告


广告