Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 16:20 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

20 Sa, se vre, nou pral menm kriye anpil, nou pral tris, men se va yon rejwisans pou lemonn. Nou pral nan lafliksyon, men lafliksyon nou pral chanje an kè kontan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nou pral kriye, nou pral plenn, men moun k'ap viv dapre prensip ki nan lemonn yo pral kontan. Nou pral gen lapenn, men lapenn nou pral tounen kè kontan.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 “Anverite, anverite, Mwen di nou, ke nou va kriye avèk lamantasyon, men lemonn va rejwi. Nou va ranpli avèk tristès, men tristès la va vin chanje an jwa.

参见章节 复制




Jan 16:20
44 交叉引用  

Men lè moun ki t ap jere yo wè se pitit mèt jaden an k ap vini, youn di lòt: Men eritye a ap vin jwenn nou. An nou touye li, kon sa eritaj la ap rete pou nou.


Benediksyon pou moun ki nan lapenn jodi a, paske Bondye gen pou konsole yo.


La menm kòk la chante yon dezyèm fwa epi Pyè sonje pawòl Jezi te di li la: “Anvan kòk la chante de fwa, ou gen pou di ou pa konnen m twa fwa.” Lè Pyè pran sans sa k pase a, li tonbe kriye.


Mari menm al anonse lòt disip Jezi yo nouvèl la, yo menm ki te andèy epi ki t ap krye kriye.


Lè Jezi leve nan lapriyè a, l al kote disip yo, li jwenn y ap dòmi. Yo te fatige tèlman yo te nan lapenn.


Pyè soti deyò epi li tonbe kriye jouk li pa t kapab ankò.


Yon gwo foul moun t ap swiv Jezi. Anpil nan medam yo t ap kriye, yo te pran lapenn pou Jezi.


Jezi di yo: “Ki sa n ap diskite antre nou kon sa a pandan n ap mache a?” Mesye yo rete, epi yo te vin tris anpil.


Nou te espere se li menm ki t ap vin delivre Izrayèl, men sa fè twa (3) jou depi bagay sa yo pase.


Anpil benediksyon pou nou menm ki grangou kounye a, paske vant nou pral plen. Benediksyon pou nou menm k ap kriye kounye a, paske kè nou pral kontan.


Mwen di nou sa pou n ka gen kè poze nan mwen menm. Nan mond sa n ap pase anpil tray. Men pran kouray, mwen gen laviktwa sou lemonn.”


Epi poutèt mwen di nou sa, se pa ti tris nou tris.


Apre l fin di sa, li montre yo men l yo ak bò kòt li. Lè disip yo te wè Senyè a, se pa ti kontan yo te kontan.


Apot yo ale kite Konsèy Jwif yo. Yo t ap rejwi nan kè yo dèske Bondye te wè yo diy pou yo sibi lawont kon sa pou non Jezi.


Se pa sèlman “yon jou n ap sove”, men depi kounye a nou santi nou rejwi poutèt sa Bondye gentan fè pou nou pa mwayen Jezikris, Senyè nou an. Se Jezi ki fè nou kapab vin zanmi Bondye kounye a.


Yo gade nou tankou moun ki gen anpil tristès, men poutan nou toujou gen jwa nan kè nou. Yo gade nou tankou pòv, men nou fè anpil moun rich ak lafwa. Yo gade nou tankou moun ki pa gen anyen, men poutan nou posede tout bagay.


Okontrè, men ki fwi Sentespri a pwodui nan lavi moun: lamou, lajwa, lapè, pasyans, bon kè, byenveyans, lafwa,


Epi ou te swiv egzanp nou, menm jan ou swiv egzanp Senyè a tou, lè ou te aksepte mesaj la ak kè kontan nan mitan gwo soufrans. Se Sentespri a menm ki te ba w kè kontan sa a.


Frè m ak sè m yo, lè nou rankontre tout kalite pwoblèm nan lavi a, se pou n gade tèt nou kòm moun ki byenere.


Bondye ki gen tout pouvwa a, k ap prezève nou pou n pa tonbe, epi k ap fè nou prezan devan li nan glwa li, san repwòch epi nan lajwa,


Tout moun sou latè ap kontan poutèt yo mouri. Y ap fè fèt, youn ap bay lòt kado, paske de pwofèt sa yo te fè moun soufri anpil.


Li te renmen laglwa ak richès anpil. Ba l menm kantite a nan soufrans ak nan dèy. Li t ap di nan kè li: M chita sou fotèy rèn mwen. Mwen pa yon vèv; m p ap janm an dèy.


跟着我们:

广告


广告