Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 16:14 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Li va fè lwanj pou mwen, paske l ap koute sa m di l epi l ap fè nou konnen yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Li pral fè yo wè pouvwa mwen, paske l'a pran sa ki pou mwen pou l fè nou konnen yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Li va fè M resevwa glwa Mwen, paske l ap pran sa ki pou Mwen, e fè nou konprann li.

参见章节 复制




Jan 16:14
20 交叉引用  

Moun ki genyen kòmandman m yo epi ki fè sa m mande, se moun sa a ki renmen m. Moun ki renmen m, Papa m ap renmen l. Mwen menm m ap renmen l tou, epi m ap fè l konnen ki moun mwen ye.”


Lè konsolatè a va vini, moun m ap voye soti lakay Papa a, Lespri verite Papa a ap voye a, l ap rann temwanyaj pou mwen.


Se te de Lespri Bondye a Jezi t ap pale. Moun ki te kwè nan Jezi ta gen pou resevwa Lespri Bondye a nan yon ti kras tan. Men nan lè sa a, yo pa t ko genyen Lespri Bondye, paske Jezi pa t ko monte pou l antre nan glwa li.


Konsa m ap di nou pa gen okenn moun ki ap pale anba kontwòl Sentespri a k ap di: “Madichon pou Jezi!” Pèsòn nonplis p ap di “Jezi se Senyè” si se pa Sentespri a ki dirije l.


Paske yon jou, Bondye di: “Se pou limyè briye nan fènwa.” Se menm Bondye sa a ki fè limyè li briye nan kè nou. Li fè nou konnen glwa li k ap briye sou vizaj Kris la.


Mwen di sa, paske se pa mwayen lafwa nou gen espwa Bondye ap fè nou vin dwat devan l. Sentespri a ban nou garanti pandan n ap tann sa rive.


Wòch sa a pote anpil onè pou nou menm ki kwè. Men pou moun ki pa kwè yo: “Wòch bòs mason yo te refize sèvi a vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la.”


Men sa Bondye bay lòd pou n fè: Se pou n kwè nan Pitit li a, Jezikris, epi se pou n renmen youn lòt, jan Kris la ban nou lòd pou n fè sa.


Nou konnen Pitit Bondye a te vini epi li te ban nou entèlijans pou nou konnen Verite a. Epi nou nan verite a, nan Pitit li a, Jezikris. Se li ki Bondye toutbon vre a, se li ki lavi etènèl la.


Jezikris, se li menm ki te vini pa mwayen dlo epi pa mwayen san. Li pa t vini pa mwayen dlo sèlman, men li te vini pa mwayen dlo epi pa mwayen san. Lespri di nou sa a se verite a, paske Lespri se verite a.


Lè sa a, m tonbe ajenou nan pye zanj lan pou m adore l. Men li di m konsa: “Pa adore m. M se yon sèvitè menm jan avè w. M se menm ak frè avèk sè w yo k ap temwanye pou Jezi. Se Bondye pou w adore. Paske temwanyaj pou Jezi se lespri pwofesi a.”


跟着我们:

广告


广告