Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 16:13 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Lè Lespri verite a va vini, l ap fè nou konprann tout verite a. Paske li p ap kominike pwòp panse pa l, men l ap di tout sa l va tande epi li va anonse nou tout sa k gen pou vini.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Men, li menm Lespri k'ap moutre verite a, lè l'a vini, l'a mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawòl pa li. Men, tou sa l'a tande, se sa l'a di nou: l'a fè nou konnen bagay ki gen pou rive.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Men lè Li, Lespri verite a vini, Li va dirije nou nan tout verite. Paske Li p ap pale pou kont Li, men sa Li tande, L ap pale. Li va montre nou tout sa ki va vini.

参见章节 复制




Jan 16:13
32 交叉引用  

Mwen pa pale pou pwòp tèt pa m. Men, Papa m ki voye m, li preskri m sa m dwe di.


Se li menm ki Lespri verite a. Moun ki nan lemonn pa kab resevwa l, paske yo pa wè li epi yo pa menm konnen l. Nou menm, nou konnen li, paske li bò kote nou epi l ap vin viv nan nou.


Men, Konsolatè a, Sentespri a Papa a ap voye nan non m nan, l ap anseye nou tout bagay epi l ap fè n sonje tout sa m te konn ap di nou.


Jezi di l: “Mwen menm, mwen se chemen an, mwen se verite a, epi mwen se lavi. Pa gen okenn moun ki janm rive kote Papa a san pase pa mwen.


Lè konsolatè a va vini, moun m ap voye soti lakay Papa a, Lespri verite Papa a ap voye a, l ap rann temwanyaj pou mwen.


Mwen gen anpil bagay pou m ta di nou ankò, men nou pa anmezi pou nou konprann yo kounye a.


Li rann temwanyaj konsènan sa l wè ak sa l tande. Men, pèsonn pa resevwa temwanyaj li.


Mwen menm, mwen pale de sa Papa m montre m, men nou menm, nou fè sa pwòp papa pa nou di nou fè.”


Youn ladan yo ki te rele Agabis leve kanpe. Pouvwa Sentespri a pèmèt li anonse t apral gen yon gwo grangou sou tout latè. (Gwo grangou sa a te rive vre nan epòk lè Klod te anperè).


Sèl sa m konnen, nan chak vil mwen pase, Sentespri a avèti m anpil soufrans ak menm prizon ap tann mwen la.


Zanj lan di m: Pòl, ou pa bezwen pè! Ou gen pou ou konparèt devan Seza. Epi Bondye fè w pwomès sa a: L ap sove lavi tout moun ki nan bato avè w yo.


Tout moun ki pa kwè verite a men ki pran plezi yo pito nan bagay ki mal ap jwenn kondanasyon yo.


Pa kite pyès moun twonpe w nan okenn fason. Jou Jezi ap retounen an p ap rive, pazavan moun kòmanse abandone Bondye. Pi plis toujou, Jou sa a p ap vini pazavan moun ki responsab pou fè move bagay la vini, sila a menm ki destine pou destriksyon an.


Nan tan pase yo, Bondye te pale ak zansèt nou yo pa mwayen pwofèt yo. Li te pale divès fason ak plizyè fwa.


Pou nou menm, nou te resevwa kado Sentespri a te ban nou an, kon sa nou tout gen konesans verite a.


Pitit la te fè n yon kado espesyal. Nou genyen l nan nou. Sa fè nou pa bezwen moun anseye nou anyen. Kado li ban nou an ap anseye nou tout bagay. Se yon veritab kado, li pa pou twonpe. Poutèt sa, kontinye viv nan Kris la, jan kado l la anseye pou fè sa.


Nou menm nou soti nan Bondye. Moun ki moun pa Bondye yo ap koute nou, men moun ki pa moun Bondye yo p ap koute nou. Epi se kon sa nou ka distenge Lespri ki anseye verite a ak lespri ki anseye k ap bay manti a.


Jezikris, se li menm ki te vini pa mwayen dlo epi pa mwayen san. Li pa t vini pa mwayen dlo sèlman, men li te vini pa mwayen dlo epi pa mwayen san. Lespri di nou sa a se verite a, paske Lespri se verite a.


Liv sa a, se yon seri vizyon ki montre ki moun Jezikris ye. Se Bondye ki bay Jezi revelasyon sa yo, pou l voye montre sèvitè l yo sa k gen pou rive nan yon ti kras tan ankò. Epi, Kris voye Zanj li pou montre Jan, sèvitè l la, bagay sa yo.


Alò, ekri sa ou wè, sa k ap pase kounye a, epi sa k ap rive apre sa.


跟着我们:

广告


广告