Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 16:11 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 L ap montre kilès ki pral tonbe anba jijman Bondye, paske sila a k ap dirije lemonn nan deja kondane.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

11 Yo nan lerè sou kesyon jijman an paske chèf k'ap dominen lemonn lan deja jije.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Epi selon jijman, paske Mèt mond sa a gen tan jije.

参见章节 复制




Jan 16:11
34 交叉引用  

“Men sèvitè mwen an, moun mwen chwazi a, moun mwen renmen anpil la, moun ki fè kè m kontan anpil la. M ap ranpli l ak Sentespri m. Se li k ap tabli jistis nan mitan pèp yo.


Men tande sa m ap di nou: nan jou jijman an, lèzòm gen pou yo rann kont sou tout pawòl san fondman ki te soti nan bouch yo.


Jezi di yo konsa: “Mwen te wè Satan ap tonbe soti nan syèl la tankou yon zèklè.


Kounye a lè jijman lemonn rive, lè a rive pou chèf k ap domine sou lemonn nan tonbe.


Mwen pa gen anpil bagay m ap di nou ankò, paske chèf k ap domine nan lemonn lan ap vini, men li pa gen okenn pouvwa sou mwen.


Mwen gen anpil bagay pou m ta di nou ankò, men nou pa anmezi pou nou konprann yo kounye a.


Li ban nou lòd pou n al anonse Bòn Nouvèl la bay pèp la; pou n al fè konnen se Jezi menm Bondye chwazi pou jije moun ki vivan yo ak moun ki mouri yo.


Men, lè Pòl kòmanse pale sou jan moun dwe viv yon fason ki konfòm ak volonte Bondye, jan moun dwe kontwole pwòp tèt yo, ak jou jijman ki gen pou vini an, Feliks vin pè, li di: “Oke, kounye a ou mèt ale. Lè m a gen tan, m a rele w ankò.”


Ou pral ede yo konprann verite a. Yo va vire do bay fènwa pou vin nan limyè. Yo va vire do bay pouvwa satan pou yo vin jwenn Bondye. Lè sa a peche yo ap padone. Epi yo va jwenn yon plas nan mitan moun Bondye yo, sa yo ki te sanktifye pa mwayen lafwa nan mwen yo.”


Byento, Bondye ki se sous lapè a, ap kraze Satan anba pye nou. Gras Senyè nou an Jezi avè n!


Se kon sa sa va ye, dapre Levanjil m ap preche a, nan jou kote Bondye va jije panse kache moun yo pa mwayen Jezikris.


Se poutèt sa m ap mande nou: pa kouri jije pèsonn anvan lè. Senyè a gen pou l vini. Se li menm k ap devwale tout sa ki fènwa. Se li ki gen pou mete deyò tout sekrè ki kache nan fon kè. Lè sa a se Bondye li menm k ap bay chak moun louwanj yo merite.


Chèf mond sa a avegle entèlijans moun ki pa kwè yo. Konsa, yo pa ka wè limyè Levanjil laglwa Kris la k ap briye. Tout sa Bondye ye se sa Kris la ye.


Wi, se vre, lontan lavi nou te plen ak peche. Nou t ap viv jan lemonn viv. Nou t ap fè volonte lespri k ap dirije pouvwa mechan yo ki nan lè a. Se li menm k ap travay nan lavi moun k ap dezobeyi Bondye yo.


Se kon sa Bondye dezame tout otorite ak pouvwa espirityèl yo. Li avili yo an piblik devan je tout moun tankou prizonye.


Pitit sa yo se moun ki gen yon kò ki fèt avèk chè ak san. Jezi pran menm kalite kò sa a pou l ka fè menm kalite esperyans avèk yo. Jezi te vin tounen menm jan ak yo, kon sa lanmò l te ka detwi satan ki gen pouvwa lanmò a.


Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa. Apre sa, yo dwe pase nan jijman.


Poutan se menm pawòl sa a ki deklare syèl ak tè nou genyen kounye a rezève pou dife detwi yo, nan jou jijman kote Bondye pral pini moun ki kont li yo.


Sila a k ap fè peche soti nan Satan, paske depi soti nan kòmansman, Satan ap fè peche. Men rezon ki fè Pitit Bondye a te vini: Pou detwi zèv Satan yo.


Gade, men l ap vini avèk nyaj yo! Tout je moun ap wè l, menm moun yo ki te pèse kò l yo. Tout moun sou latè ap kriye anpil epi y ap pote dèy poutèt li menm. Wi, sa pral rive! Amèn!


跟着我们:

广告


广告