Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 15:8 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Lè nou donnen anpil, se kon sa nou montre nou se disip mwen. Alò moun va wè glwa Papa m.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Men ki jan pouvwa Papa m lan va parèt aklè: se lè nou donnen anpil, lè nou fè wè se disip mwen nou ye.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Konsa, Papa M ap resevwa glwa, lè nou pote anpil fwi. E konsa, nou fè prèv ke nou se disip Mwen yo.

参见章节 复制




Jan 15:8
19 交叉引用  

Menm jan an tou, se pou limyè ou briye devan tout moun. Y a gade bon bagay w fè, epi y a fè lwanj pou Bondye, papa ou ki nan syèl la.


Men, mwen m ap di nou: renmen lènmi nou yo, priye pou moun k ap pèsekite nou.


Moun ki te la yo te pè anpil, men yo glorifye non Bondye tou paske li bay yon nonm kalite pouvwa sa a.


Men, se pou nou renmen lènmi nou yo, epi fè byen pou yo. Prete moun san nou pa met espwa y ap renmèt nou sa nou prete yo a. Konsa, rekonpans nou va gran. N a pitit Bondye ki pi wo nan syèl la. Paske li menm li bon anvè ni moun ki san rekonesans yo, ni mechan yo.


Tout moun va konnen nou se disip mwen, si nou youn renmen lòt.”


Mwen menm se pye rezen an, nou menm nou se branch yo. Branch sa yo ki rete nan mwen epi mwen menm nan yo, se pa ti donnen y ap donnen. Paske san mwen menm nou pa kapab fè anyen.


Jezi di Jwif ki te kwè nan li yo: “Si nou obeyi pawòl mwen yo, n ap disip mwen toutbon vre,


Men Kòman mwen reponn kesyon sa a, kit w ap manje kit w ap bwè, kèlkeswa sa w ap fè a, fè l pou glwa Bondye.


Bondye te peye gwo pri pou nou. An nou fè lwanj pou Bondye ak kò nou.”


M ap priye pou lavi nou ranpli ak bon zèv tou pou sa ka sèvi yon sous glwa ak lwanj pou Bondye gras a Jezikris.


Esklav yo pa dwe nan vòlè bagay mèt yo, men se pou yo montre yo diy de konfyans. Konsa, nan tout sa y ap fè, y ap fè moun respekte ansèyman ki konsène Bondye, Sovè nou an.


Yo dwe byen panse sou jan y ap viv. Yo dwe kenbe tèt yo pwòp. Yo dwe dirije kay yo byen. Epi yo dwe prèt pou rann mari yo sèvis. Lè sa a, pèsòn p ap jwenn mwayen pou kritike ansèyman Bondye ban nou fè a.


Mennen tèt nou byen nan mitan moun ki pa konn Bondye yo. Konsa, menm lè yo ta bay manti di n ap fè sa ki mal, y ap oblije rekonèt bon lavi n ap mennen, y a glorifye Bondye lè li va vini.


Moun ki gen don pou l pale se pou l pale pawòl Bondye yo. Si nou gen don pou n sèvi, nou ta dwe sèvi ak fòs Bondye bay la. Konsa se Bondye k ap resevwa lwanj nan tout bagay grenmesi Jezikris. Tout pouvwa ak tout glwa se pou li pou tout tan gen tan.


跟着我们:

广告


广告