Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 15:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Si nou rete atache nan mwen, epi nou pratike ansèyman mwen yo, nou mèt mande sa nou vle, nou va jwenn li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Si nou fè yonn ak mwen, si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou mèt mande sa nou vle, y'a ban nou li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Si nou rete nan Mwen, e pawòl Mwen rete nan nou, mande nenpòt sa nou vle, e l ap fèt pou nou.

参见章节 复制




Jan 15:7
24 交叉引用  

Mande, epi Bondye ap ban nou. Chache, epi n ap jwenn. Frape, epi Bondye ap louvri pou nou.


epi tout sa nou va mande nan non m, m ap fè l, pou Papa a kapab glorifye nan Pitit la.


Malgre sa, se pa nou ki te chwazi m, men se mwen menm ki chwazi nou, epi mwen tabli nou pou nou al pote fwi epi pou fwi nou yo kapab dire lontan. Konsa, tout sa nou va mande Papa a nan non m, li va ba nou l.


Konsa, lè sa a, nou p ap poze m okenn kesyon dirèkteman. Sa, se verite a, men, men yon bagay pi enpòtan toujou m ap di nou: Si nou mande Papa m yon bagay poutèt relasyon nou avè m, l ap ban nou l.


Jezi di Jwif ki te kwè nan li yo: “Si nou obeyi pawòl mwen yo, n ap disip mwen toutbon vre,


Mwen konnen se nan ras Abraram nou soti, men n ap chache touye m, se paske pawòl mwen yo pa fè anyen nan nou.


Pandan yo timoun nan, yo dwe soumèt yo ak moun k ap okipe yo a. Men lè yo rive nan laj papa a te deside a, yo vin lib.


M ap di nou pito: Kite Sentespri a kontwole lavi nou. Si nou fè sa, nou p ap fè move bagay dezi kò a fè moun fè.


Se pou ansèyman Jezi yo toujou aji nan ou. Se pou nou anseye youn lòt, bay youn lòt konsèy ak anpil sajès. Pou n di Bondye mèsi, se pou n chante sòm, kantik, ak chan Sentespri Bondye enspire nou.


Mwen ekri nou lèt sa a, timoun mwen yo, paske nou konnen Papa a. Mwen ekri nou papa yo, paske nou konnen sila a ki egziste depi nan kòmansman an. Mwen ekri nou lèt sa a, moun ki jèn yo, paske nou gen fòs. Pawòl Bondye a rete nan nou, epi tou nou gen viktwa sou move dezi nou yo.


Pitit la te fè n yon kado espesyal. Nou genyen l nan nou. Sa fè nou pa bezwen moun anseye nou anyen. Kado li ban nou an ap anseye nou tout bagay. Se yon veritab kado, li pa pou twonpe. Poutèt sa, kontinye viv nan Kris la, jan kado l la anseye pou fè sa.


Kèlkeswa sa nou ta mande Bondye, l ap ban nou l paske nou obeyi kòmandman li yo epi n ap fè sa ki fè l plezi.


Nou kapab pwoche bò kote Bondye avèk konfyans, si nou mande yon bagay ki nan volonte l, l ap koute nou.


跟着我们:

广告


广告