Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 15:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Si yon moun pa rete atache nan mwen, yo va koupe l jete deyò, menm jan ak branch rezen an, l ap seche epi y ap ranmase l mete nan dife.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Moun ki pa fè yonn ak mwen, y'ap koupe l voye jete. L'ap cheche tankou yon branch bwa. Lè branch bwa yo cheche, yo ranmase yo, yo jete yo nan dife, yo boule yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Si nenpòt moun pa rete nan Mwen, li va jete kon yon branch, e l ap seche. Y ap ranmase yo e jete yo nan dife, epi y ap brile.

参见章节 复制




Jan 15:6
20 交叉引用  

Pitit Lòm nan ap voye anj li yo pou vin triye tout sa yo k ap fè peche epi k ap pouse moun fè peche pou retire yo mete deyò wayòm li an.


Jida voye pyès lajan yo anndan tanp la, epi l soti, l al pann tèt li.


Rach la gentan pare pou koupe pyebwa yo depi nan rasin. Nenpòt pyebwa ki pa pwodui bonjan fwi, y ap koupe l epi jete l nan dife a.


Depi yon pyebwa pa donnen bon fwi y ap koupe l, epi lage l nan dife.


Tout branch ki nan mwen ki pa donnen, li koupe l voye jete. Men, tout branch ki donnen, li netwaye l pou l kapab donnen pi plis toujou.


Si nou kontinye nan peche, sèl sa ki rete pou nou se pare tann jou tèrib jijman an avèk dife ki pa ret ak dife ki gen pou detwi sila yo ki nan rebelyon kont Bondye.


Moun ki konnen Jezikris, Senyè ak Sovè nou an, moun sa yo vire do bay move enfliyans lemonn. Men si yo retounen nan menm move bagay sa yo, yo ka tonbe anba kontwòl yo ankò. Lè sa a, sitiyasyon yo vin pi mal pase anvan.


Yo te nan mitan nou, men yo pa t fè pati moun pa nou yo. Si yo te moun pa nou, yo t ap rete ak nou. Men yo soti pou sa ka parèt aklè, pyès nan yo pa t fè pati moun pa nou yo.


Nenpòt moun ki pa te gen non l enskri nan liv lavi a, yo te jete l nan letan dife a.


Men moun ki lach yo, sa yo ki pa fidèl yo, sa yo k ap komèt vye zak tèrib, asasen yo, moun imoral yo, sòsyè yo, moun k ap adore fo dye yo, tout moun k ap bay manti yo, yo tout pral nan letan dife ak souf la. Se sa ki dezyèm lanmò a.”


跟着我们:

广告


广告