Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 15:21 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Yo va fè nou sibi tout bagay sa yo poutèt mwen, paske yo pa konnen moun ki voye m nan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

21 Men, y'ap fè nou tou sa poutèt mwen, paske yo pa konnen moun ki te voye m lan.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Men tout bagay sa yo, yo va fè nou pou koz a Non pa M, paske yo pa konnen Sila a ki te voye M nan.

参见章节 复制




Jan 15:21
35 交叉引用  

Nou gen pou n al jije devan wa ak gouvènè poutèt nou se disip mwen. Temwanye pou mwen devan yo ak devan payen yo.


Akòz nou se disip mwen, moun p ap vle wè nou. Men Bondye ap sove sila ki rete fidèl jiska lafen.


Moun k ap chache konsève lavi l ap gen pou yo pèdi l. Men nenpòt moun ki pèdi lavi l poutèt mwen ap gen pou jwenn vrè lavi a.


Lè sa a, y ap livre nou bay moun ki pral tòtire nou, epi touye nou. Kote nou pase sou latè, y ap rayi nou, paske nou se disip mwen.


Benediksyon pou nou lè y ap joure nou, lè y ap pèsekite n, lè y ap pale n mal paske n ap swiv mwen.


Akòz nou se disip mwen, moun p ap vle wè nou. Men se moun ki pèsevere jiska lafen an ki va sove.


Men anvan tout bagay sa yo rive, y ap arete nou. Y ap pèsekite nou. Y ap trennen nou nan jijman nan sinagòg yo. Y ap mete nou nan prizon. Y ap trennen nou devan wa yo ak gouvènè yo. Y ap fè nou sibi tout bagay sa yo poutèt mwen menm.


Tout moun ap rayi nou poutèt n ap mache ak mwen.


Anpil benediksyon pou nou lè moun rayi nou, lè yo meprize nou, lè yo joure nou, lè yo twouve li pa bon pou yo ta menm site non nou, poutèt mwen menm, Pitit Lòm nan.


Si m pa t fè devan je yo bagay okenn lòt moun pa t janm fè, yo pa t ap koupab. Men kounye a, malgre yo wè sa m fè, yo kontinye rayi ni mwen ni Papa m.


Yo va aji kon sa paske yo pa konnen ni mwen ni Papa m.


Papa, ou menm ki jis, menm lè lemonn pa konnen w, mwen menm mwen konnen w, epi disip mwen sa yo rekonèt se ou menm ki voye mwen.


Moun yo mande l: “Ki kote Papa w ye?” Jezi reponn yo: “Nou pa konnen m, nou pa konn Papa m. Si nou te konnen m, nou t ap konn Papa m.”


Jezi reponn yo: “Si se mwen k ap fè lwanj pou tèt mwen, lwanj mwen an pa vo anyen. Se Papa m ki fè lwanj pou mwen, li menm n ap di se Bondye nou an.


Nou pa konnen li, poutan mwen menm mwen konnen li. Si m ta di m pa konnen li, mwen ta yon mantè, menm jan ak nou. Men mwen konnen l epi mwen fè sa l anseye.


Paske, pandan m ap vizite vil nou an, m ap gade kote nou abitye adore yo, m wè yon lotèl ki gen pawòl sa yo make sou li: pou bondye nou pa konnen an. Ebyen, Bondye sa a n ap adore san nou pa konnen l lan, se de li m ap pale nou la a.


Te gen yon lè, mwen menm tou, m te kwè m dwe fè tout sa m kapab pou m fè opozisyon kont non Jezi, nonm Nazarèt la.


Frè m yo, mwen rekonèt nou te touye Jezi, paske ni nou menm ni otorite nou yo pa t konnen sa nou t ap fè a byen.


Men, pou nou ka anpeche bagay la kontinye gaye, nou ka fè presyon sou yo pou yo pa kontinye pale nan non nonm sa a ak pèsonn moun ankò.”


Apot yo ale kite Konsèy Jwif yo. Yo t ap rejwi nan kè yo dèske Bondye te wè yo diy pou yo sibi lawont kon sa pou non Jezi.


Epi l vin isit la nan Damas avèk otorite gran prèt yo ba li pou l mare nenpòt moun ki di l se disip ou.”


Paske mwen menm, m ap montre li kijan li dwe soufri poutèt non mwen.”


Poutèt yo pa t wè sa enpòtan pou yo chache konnen toutbon vre ki lès Bondye ye, Bondye te lage yo pou kite yo swiv tout move lide lespri yo. Konsa, yo te fè anpil bagay yo pa t dwe fè.


Tounen vin nan bon sans ou! Ou ta dwe sispann fè peche! Gen pami nou moun ki pa konnen Bondye. Sa se yon wont pou nou!


Okenn otorite nan mond sa a pa t rive konnen sajès sa a. Si yo te konnen l, yo pa t ap krisifye Senyè ki gen anpil glwa a.


Jezi ap vini ak dife byen wouj pou l pini tout moun ki pa konnen Bondye yo, moun ki refize aksepte Bòn Nouvèl konsènan Jezi, Segnè nou an.


Gade kijan Papa a renmen nou: Li rele nou pitit Bondye. Epi, se sa nou ye vre. Men, moun ki nan mond lan pa konnen nou, paske yo pa konnen Bondye.


Paske yo pati pou fè lwanj pou Kris, san yo pa aksepte anyen nan men moun ki pa kwè yo.


Ou gen bon pèseverans, ou soufri poutèt non mwen epi ou pa janm abandone.


跟着我们:

广告


广告