Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 15:20 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

20 Sonje byen sa m te di nou: Yon esklav pa gen plis enpòtans pase mèt li. Si yo te pèsekite m, y ap pèsekite nou tou, si yo te obeyi ansèyman m yo, y ap obeyi ansèyman nou yo tou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Chonje sa m te di nou: Yon domestik pa janm pi grannèg pase mèt li. Si yo pèsekite m, y'a pèsekite nou tou. Si yo fè sa m te moutre yo, y'a fè sa n'a moutre yo tou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 “Sonje pawòl ke Mwen te di nou an: ‘Yon esklav pa pi gran pase mèt li’. Si yo te pèsekite Mwen, y ap pèsekite nou tou. Si yo te kenbe pawòl Mwen, yo va kenbe pawòl pa nou osi.

参见章节 复制




Jan 15:20
22 交叉引用  

Yon elèv pa pi fò pase pwofesè l. Ni, esklav la pa pi enpòtan pase mèt li.


Jak ak Jan reponn: “O wi, nou kapab!” Jezi di yo: “Se vre, nou gen pou n bwè nan gode mwen dwe bwè a, nou gen pou nou batize nan menm batèm avè m.


Apre sa, Simeyon beni yo epi li di Mari konsa: “Gade non, ou wè ti pitit sa a, l ap lakòz anpil moun tonbe, men, l ap lakòz anpil lòt moun leve tou nan pami pèp Izrayèl la. Bondye ap sèvi ak li pou avèti moun konsènan sa k pral rive nan tan k ap vini yo. Men anpil moun ap kanpe an kwa devan l.


Yon elèv pa pi fò pase mèt li. Men yon elèv ki fin resevwa tout fòmasyon li, l ap fò menm jan ak mèt li.


Yon lòt fwa ankò, Jwif yo ranmase wòch pou yo touye Jezi.


Chèf prèt yo ansanm ak Farizyen yo te pase lòd si yon moun ta konnen kote Jezi ye pou yo fè yo konn sa, pou yo te kapab arete l.


An verite, an verite, mwen di nou, yon esklav pa pi gran pase mèt li, ni yon komisyonè pi gran pase moun ki voye l la.


Jezi te fè tout bagay sa yo nan jou repo a. Se poutèt sa Jwif yo t ap chache wè kijan yo ta simen boulvès pou bay Jezi pwoblèm.


Farizyen yo te tande sa moun yo t ap di sou Jezi. Alò, chèf prèt yo mete ak Farizyen yo, yo voye kèk nan moun ki t ap fè polis nan tanp lan pou arete li.


An verite, an verite, m ap di nou sa, si yon moun obeyi sa m anseye l, li p ap janm mouri.”


Lè sa a, Jwif yo di li konsa: “Kounye a nou konnen ou gen yon move lespri nan tèt ou. Abraram mouri, ata pwofèt yo mouri, epi ou menm ou ap vin di: Si yon moun resevwa pawòl ou li p ap janm mouri.


Lè sa a yo ranmase wòch pou yo te touye li, men Jezi te kache epi li chape kò l soti nan tanp lan.


Pòl ak Banabas fòtifye kwayan yo nan tout vil sa yo, yo ankouraje yo pou yo kontinye kenbe lafwa yo fèm nan Bondye. Yo di disip yo: “Nou gen pou n sibi anpil pèsekisyon pandan nou sou wout pou n antre nan Wayòm Bondye a.”


N ap kraze kò nou nan travay ak men nou pou nou ka jwenn dekwa pou n manje. Lè moun joure nou, nou swete byen pou yo. Lè moun fè nou soufri, nou sipòte.


Nou resevwa pèsekisyon, men Bondye pa abandone nou. Nou tonbe kèk fwa, men yo pa touye nou.


Se Jwif sa yo ki touye Jezi Senyè a ak tout lòt pwofèt yo. Se yo menm tou ki fòse nou kite vil la. Yo bay Bondye degoutans, yo kanpe ankwa devan tout moun yo jwenn.


Dayè menm, tout moun ki vle mennen yon lavi ki fidèl epi ki makònen avèk Jezikris, y ap jwenn pèsekisyon.


跟着我们:

广告


广告