Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 15:18 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Si lemonn rayi nou, se pou n konnen se paske l rayi m an premye.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 — Si moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo rayi nou, pa bliye yo te rayi m anvan yo te rayi nou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 “Si lemonn rayi nou, byen konnen ke li te rayi M avan nou.

参见章节 复制




Jan 15:18
22 交叉引用  

Akòz nou se disip mwen, moun p ap vle wè nou. Men Bondye ap sove sila ki rete fidèl jiska lafen.


Lè sa a, y ap livre nou bay moun ki pral tòtire nou, epi touye nou. Kote nou pase sou latè, y ap rayi nou, paske nou se disip mwen.


Benediksyon pou nou lè y ap joure nou, lè y ap pèsekite n, lè y ap pale n mal paske n ap swiv mwen.


Akòz nou se disip mwen, moun p ap vle wè nou. Men se moun ki pèsevere jiska lafen an ki va sove.


Anpil benediksyon pou nou lè moun rayi nou, lè yo meprize nou, lè yo joure nou, lè yo twouve li pa bon pou yo ta menm site non nou, poutèt mwen menm, Pitit Lòm nan.


Mwen di nou tout bagay sa yo pou nou pa pèdi lafwa.


Mwen di nou sa pou n ka gen kè poze nan mwen menm. Nan mond sa n ap pase anpil tray. Men pran kouray, mwen gen laviktwa sou lemonn.”


Nenpòt moun k ap fè sa ki mal rayi limyè a. Yo p ap vin jwenn limyè a, paske limyè a ap devwale tout move zèv y ap fè.


Lemonn pa kapab rayi nou. Men lemonn rayi mwen, paske m ap di moun nan lemonn zèv yo pa bon.


Pòl ak Banabas fòtifye kwayan yo nan tout vil sa yo, yo ankouraje yo pou yo kontinye kenbe lafwa yo fèm nan Bondye. Yo di disip yo: “Nou gen pou n sibi anpil pèsekisyon pandan nou sou wout pou n antre nan Wayòm Bondye a.”


Nou pa dwe janm retire je nou sou Jezi. Lafwa nou depann de li depi nan kòmansman rive nan fin isman. Jezi t aksepte mouri sou lakwa. Men li t aksepte tout wont ki mache ak kalite lanmò sa a kòmsi se pa t anyen, malgre rejwisans li te wè ki rezève pou li. Kounye a, li chita nan plas donè ki adwat twòn Bondye a.


Nou pa fidèl ak Bondye! Nou ta dwe konnen sa, lè nou renmen bagay ki nan mond lan, otomatikman nou rayi Bondye. Konsa, tout moun ki vle zanmi ak mond sa a, li vin lènmi ak Bondye.


Gade kijan Papa a renmen nou: Li rele nou pitit Bondye. Epi, se sa nou ye vre. Men, moun ki nan mond lan pa konnen nou, paske yo pa konnen Bondye.


Frè m ak sè m, nou pa dwe sezi lè moun ki nan mond lan rayi nou.


Epi nenpòt moun ki genyen esperans sa a nan kris la, li kenbe tèt li pwòp menm jan ak Jezikris.


跟着我们:

广告


广告