Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 15:10 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Si nou fè sa m kòmande nou fè, n ap kontinye viv nan lanmou mwen, menm jan mwen menm, mwen fè sa Papa m kòmande m, epi m kontinye viv nan lanmou li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè a, n'a renmen m tou menm jan mwen renmen nou an. Menm jan mwen menm, mwen fè tou sa Papa a te ban m lòd fè a, mwen renmen l menm jan li renmen m tou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Si nou kenbe kòmandman Mwen yo, nou ap rete nan amou Mwen. Menm jan ke Mwen te kenbe kòmandman a Papa M yo, e rete nan amou pa Li a.

参见章节 复制




Jan 15:10
28 交叉引用  

Pa gen okenn moun ki pran l nan men m, men mwen bay li ak pwòp volonte m. Mwen gen dwa pou m bay li, mwen gen dwa pou m pran l ankò. Se lòd sa a Papa m ban mwen.”


Mwen pa pale pou pwòp tèt pa m. Men, Papa m ki voye m, li preskri m sa m dwe di.


Si nou renmen m, n ap fè sa m di nou fè.


Moun ki genyen kòmandman m yo epi ki fè sa m mande, se moun sa a ki renmen m. Moun ki renmen m, Papa m ap renmen l. Mwen menm m ap renmen l tou, epi m ap fè l konnen ki moun mwen ye.”


Jezi reponn li: “Si yon moun renmen m, l ap fè sa m mande, epi Papa m ap renmen l, epi n ap vin tabli nou lakay li.


Men, pou lemonn ka konnen mwen renmen Papa a epi mwen fè sa li mande m fè, an n leve, an n pati kite isit la.”


Mwen te fè lwanj pou ou sou latè, mwen fini travay ou te ban m fè a nèt.


Jezi di: “Manje m se fè volonte moun ki voye m nan, manje m se fini travay li te ban m fè a.


Epi moun ki voye m nan la ak mwen; li pa kite m poukont mwen, paske mwen toujou fè bagay ki fè l plezi.”


Nou pa konnen li, poutan mwen menm mwen konnen li. Si m ta di m pa konnen li, mwen ta yon mantè, menm jan ak nou. Men mwen konnen l epi mwen fè sa l anseye.


Sikonsi ou pa, sa pa enpòtan. Sa k enpòtan se swiv kòmandman Bondye.


Frè m ak sè m yo, nou gen kèk lòt bagay nou vle di ou. N ap mande ou epi ankouraje ou nan non Senyè Jezi, jan nou te anseye w la, epi jan ou gen tan ap fè l, pou ou kontinye viv pou fè Bondye plezi pi plis chak jou.


Donk, Jezi se kalite prèt nou bezwen an. Li sen epi li inosan. Li pa gen okenn peche nan li. Moun pa ka enfliyanse l pou fè l tonbe nan peche. Bondye leve l nan yon nivo ki pi wo pase syèl la.


Yo konnen bon chemen an, men yo vire do bay kòmandman Bondye yo te aprann yo. Nan ka sa a, li ta pi bon pou yo pa t janm konn chemen sa a.


Si nou obeyi sa Bondye mande nou fè, lè sa a, nou sèten nou konnen li.


Men lè nou obeyi ansèyman Bondye yo, lanmou li ap travay nan nou tout bon vre. Se kon sa nou konnen n ap viv nan li.


Si nou di n ap viv nan Bondye, nou dwe viv jan Jezi te viv.


Paske, men kisa sa vle di renmen Bondye: se obeyi kòmandman li yo, epi kòmandman li yo pa twò difisil.


Benediksyon pou moun ki lave rad yo pou yo k ap gen dwa nan pye bwa lavi a, pou yo antre nan pòtay vil la!


跟着我们:

广告


广告