Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 14:23 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

23 Jezi reponn li: “Si yon moun renmen m, l ap fè sa m mande, epi Papa m ap renmen l, epi n ap vin tabli nou lakay li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

23 Jezi reponn li: — Moun ki renmen m, se li menm ki va fè tou sa m di l fè. Papa m va renmen l tou. Papa m va vin jwenn li ansanm avè m, n'a viv nan li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Jésus te reponn e te di Li: “Si nenpòt moun renmen M, li va kenbe pawòl Mwen, e Papa M va renmen li, e Nou va vin kote li, epi va demere avèk li”.

参见章节 复制




Jan 14:23
30 交叉引用  

Mwen menm ak Papa a nou se youn.”


Si nou renmen m, n ap fè sa m di nou fè.


Se li menm ki Lespri verite a. Moun ki nan lemonn pa kab resevwa l, paske yo pa wè li epi yo pa menm konnen l. Nou menm, nou konnen li, paske li bò kote nou epi l ap vin viv nan nou.


Moun ki genyen kòmandman m yo epi ki fè sa m mande, se moun sa a ki renmen m. Moun ki renmen m, Papa m ap renmen l. Mwen menm m ap renmen l tou, epi m ap fè l konnen ki moun mwen ye.”


Moun ki pa renmen m p ap mete pawòl mwen an pratik, epi pawòl sa yo n ap tande a pa soti nan mwen, yo soti nan Papa m ki voye m nan.


Si nou fè sa m kòmande nou fè, n ap kontinye viv nan lanmou mwen, menm jan mwen menm, mwen fè sa Papa m kòmande m, epi m kontinye viv nan lanmou li.


paske Papa a menm li renmen nou paske nou renmen m, epi paske nou kwè m soti bò kote Bondye.


Lavi pa m menm ap nan moun sa a k ap jwi tan l pou l manje kò mwen epi k ap bwè san mwen. Moun sa a ap mennen yon relasyon sere sere ak mwen.


An verite, an verite, m ap di nou sa, si yon moun obeyi sa m anseye l, li p ap janm mouri.”


Lè sa a, Jwif yo di li konsa: “Kounye a nou konnen ou gen yon move lespri nan tèt ou. Abraram mouri, ata pwofèt yo mouri, epi ou menm ou ap vin di: Si yon moun resevwa pawòl ou li p ap janm mouri.


Tanp Bondye pa gen anyen pou l wè avèk zidòl, epi nou se tanp Bondye vivan an. Se Bondye menm ki di l: “Mwen pral rete ansanm avèk yo. Mwen pra l mache avèk yo. Se mwen menm ki va Bondye yo epi se yo menm k ap pèp mwen.”


Mwen mande l tou, pou Jezikris abite nan kè nou poutèt lafwa nou. Mwen priye tou pou nou pouse rasin, pou nou kanpe djanm nan renmen.


Se pou nou toujou kenbe ansèyman nou te tande depi nan kòmansman an. Si nou fè sa, n ap toujou rete nan Pitit la epi nan Papa a tou.


Men lè nou obeyi ansèyman Bondye yo, lanmou li ap travay nan nou tout bon vre. Se kon sa nou konnen n ap viv nan li.


Pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou gen tan ranpòte laviktwa sou fo pwofèt yo. Paske moun nan ki nan nou an, li pi puisan pase sa ki nan mond lan.


Paske, men kisa sa vle di renmen Bondye: se obeyi kòmandman li yo, epi kòmandman li yo pa twò difisil.


Lanmou vle di viv dapre lòd Bondye pase nou. Menm jan nou te tande kòmandman sa a, depi nan kòmansman an, se pou nou viv nan lanmou.


Men nan vil la, m pa wè tanp, tanp lan se Senyè a menm, Bondye ki gen tout pouvwa a, ansanm ak Ti Mouton an.


Epi m tande yon vwa byen fò ki soti kote fotèy wa a. Li di: “Kounye a Bondye fè bitasyon l pami lèzòm. L ap rete ansanm avèk yo. Yo va pèp Bondye, Bondye li menm ap avè yo, l ap Bondye yo.


P ap gen anyen modi nan vil sa a. Fotèy Bondye ansanm ak Ti Mouton an ap nan vil sa a. Moun k ap sèvi l yo, y ap fè sèvis pou adore l.


跟着我们:

广告


广告