Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 14:17 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Se li menm ki Lespri verite a. Moun ki nan lemonn pa kab resevwa l, paske yo pa wè li epi yo pa menm konnen l. Nou menm, nou konnen li, paske li bò kote nou epi l ap vin viv nan nou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

17 Se Lespri verite a. Sila a lemonn pa ka resevwa a, paske yo pa wè li, ni yo pa konnen li. Men nou menm, nou konnen li paske li la avèk nou epi l'ap nan nou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Sa se Lespri verite a, ke lemonn nan pa kapab resevwa, paske li pa wè Li, ni konnen Li. Men nou konnen Li, paske Li rete avèk nou, epi Li va nan nou.

参见章节 复制




Jan 14:17
30 交叉引用  

Se pa vrèman nou menm ki pral pale, se Lespri Papa nou ki nan nou ki pral pale.


Mwen menm, m ap mande Papa a pou l ban nou yon lòt konsolatè ki va la avèk nou pou tout tant.


Jezi reponn li: “Si yon moun renmen m, l ap fè sa m mande, epi Papa m ap renmen l, epi n ap vin tabli nou lakay li.


Lè konsolatè a va vini, moun m ap voye soti lakay Papa a, Lespri verite Papa a ap voye a, l ap rann temwanyaj pou mwen.


Lè Lespri verite a va vini, l ap fè nou konprann tout verite a. Paske li p ap kominike pwòp panse pa l, men l ap di tout sa l va tande epi li va anonse nou tout sa k gen pou vini.


Nenpòt moun ki wè Pitit la epi ki kwè nan Li, li gen lavi etènèl. Mwen va resisite li nan dènye jou a. Sa a, se sa Papa mwen vle.”


Konsa, kisa m dwe fè? M ap priye ak lespri m, m ap priye ak entèlijans mwen tou. M ap chante ak lespri m, m ap chante ak entèlijans mwen tou.


Yon moun ki reflechi sèlman ak yon logik natirèl pa kapab aksepte konprann verite Sentespri Bondye. Yo parèt tankou foli devan je li. Li pa konprann yo paske se sèlman Sentespri Bondye ki pèmèt moun byen evalye bagay sa yo.


Èske nou konnen nou se tanp Bondye, epi Lespri Bondye ap viv nan nou?


Èske nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri nou resevwa nan men Bondye k ap viv nan nou. Nou pa mèt tèt nou.


Egzamine tèt nou, gade pou nou wè si n ap viv nan lafwa. Èske se konnen nou pa konnen Jezikris ap viv nan nou? Si nou pa pase tèt nou egzamen lafwa sa a, Jezikris ta sipoze p ap viv nan nou.


Tanp Bondye pa gen anyen pou l wè avèk zidòl, epi nou se tanp Bondye vivan an. Se Bondye menm ki di l: “Mwen pral rete ansanm avèk yo. Mwen pra l mache avèk yo. Se mwen menm ki va Bondye yo epi se yo menm k ap pèp mwen.”


Poutèt kounye a nou se pitit Bondye, Bondye voye Lespri Pitit li nan kè nou. Lespri sa a rele Bondye, “Abba, Papa.”


Nan Kris, Bondye Papa a ap itilize nou ansanm ak lòt moun pa l yo pou l bati; l ap fè w tounen kay kote l ap viv pa mwayen Sentespri a.


Mwen mande l tou, pou Jezikris abite nan kè nou poutèt lafwa nou. Mwen priye tou pou nou pouse rasin, pou nou kanpe djanm nan renmen.


Bondye te vle fè pèp li a konnen kijan plan sekrè li genyen an gran, epi kijan li disponib pou tout pèp sou latè. Plan an se: poutèt nou gen Jezikris nan lavi nou, se espwa pou nou antre nan laglwa Bondye.


Ansèyman sa yo, se yon gwo trezò ou te resevwa pou w gade. Se pou w pwoteje l pa mwayen èd Sentespri a, li menm k ap viv nan nou.


Pitit la te fè n yon kado espesyal. Nou genyen l nan nou. Sa fè nou pa bezwen moun anseye nou anyen. Kado li ban nou an ap anseye nou tout bagay. Se yon veritab kado, li pa pou twonpe. Poutèt sa, kontinye viv nan Kris la, jan kado l la anseye pou fè sa.


Moun ki obeyi kòmandman Bondye yo, se moun k ap viv nan Bondye. Epi Bondye ap viv nan yo. Kòman nou kapab konnen Bondye ap viv nan nou? Nou konnen sa, paske Bondye ban nou Sentespri li.


Pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou gen tan ranpòte laviktwa sou fo pwofèt yo. Paske moun nan ki nan nou an, li pi puisan pase sa ki nan mond lan.


Nou menm nou soti nan Bondye. Moun ki moun pa Bondye yo ap koute nou, men moun ki pa moun Bondye yo p ap koute nou. Epi se kon sa nou ka distenge Lespri ki anseye verite a ak lespri ki anseye k ap bay manti a.


Konsa, nou genyen twa temwayaj sou Jezi Jezikris:


Se pou tout moun ki gen zòrèy tande kisa Sentespri a ap di legliz yo! Moun ki ranpòte laviktwa yo, m ap ba yo lamàn kache. M ap ba yo chak yon wòch blan tou. Sou wòch sa a, gen yon non nouvo ki ekri, yon non pèsòn lòt moun pa konnen, sèlman moun ki resevwa l la.


跟着我们:

广告


广告