Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 14:16 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Mwen menm, m ap mande Papa a pou l ban nou yon lòt konsolatè ki va la avèk nou pou tout tant.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Mwen menm, m'ap mande Papa a ban nou yon lòt pwotektè dekwa pou li toujou la avèk nou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 “Konsa, M ap mande Papa a, e Li va bay nou yon lòt konseye, pou Li kapab avèk nou jis pou janmen.

参见章节 复制




Jan 14:16
31 交叉引用  

Aprann yo fè tout sa m te ban nou lòd fè. Epi sonje: m ap toujou avèk nou jiska lafendimonn.”


Si nou mande m yon bagay nan non mwen, m ap fè l.


Mwen p ap kite nou òfelen, m ap vin jwenn nou.


Men, Konsolatè a, Sentespri a Papa a ap voye nan non m nan, l ap anseye nou tout bagay epi l ap fè n sonje tout sa m te konn ap di nou.


Lè konsolatè a va vini, moun m ap voye soti lakay Papa a, Lespri verite Papa a ap voye a, l ap rann temwanyaj pou mwen.


Se kon sa nou menm kounye a, nou nan lafliksyon, men m ap rewè nou ankò epi kè nou ap kontan anpil, epi p ap gen okenn moun k ap kapab derasinen lajwa sa a.


Mwen pa mande w wete yo nan lemonn, men pou w pwoteje yo kont Malen an.


Mwen pa priye pou yo sèlman, mwen priye tou pou moun k ap vin kwè poutèt temwanyaj yo.


Men nenpòt moun ki bwè dlo mwen bay la p ap janm swaf ankò. Dlo m ap bay la va tounen yon sous dlo anndan yo. Li va ba yo lavi etènèl.”


Se te de Lespri Bondye a Jezi t ap pale. Moun ki te kwè nan Jezi ta gen pou resevwa Lespri Bondye a nan yon ti kras tan. Men nan lè sa a, yo pa t ko genyen Lespri Bondye, paske Jezi pa t ko monte pou l antre nan glwa li.


Pandan Jezi t ap manje avèk apot yo, li pase yo lòd pou yo pa kite Jerizalèm, jouktan yo resevwa kado Papa a te pwomèt yo a. Jezi li menm te gentan pale yo de kado sa a, kèk tan anvan.


Disip nan vil Antyòch yo menm te gen anpil kè kontan epi Sentespri a te ranpli yo.


Lè sa a, legliz la te gen lapè, ni nan Jide, ni nan Galile, ni nan Samari. Kwayan yo te devlope nan lafwa yo gras ak konkou Sentespri a, yo te montre yo gen krentif pou Bondye nan jan y ap viv. De jou an jou legliz la t ap vin gen plis moun toujou.


Wayòm Bondye a, se pa yon zafè manje ak bwè. Sa ki enpòtan se sa ki jis, se lapè, se lajwa ki soti nan Sentespri a.


Se pou Bondye, ki bay esperans lan, ranpli nou ak kè kontan ak lapè poutèt konfyans nou. Se pou esperans nou rive debòde pa mwayen puisans Sentespri a.


Epi espwa sa a p ap janm twonpe nou. Nou konnen sa, paske Bondye ranpli kè nou ak renmen pa mwayen Sentespri li ban nou an.


Kilès ki ka pwononse kondanasyon moun Bondye yo? Pèsòn! Jezikris te mouri, anplis li te resisite, li adwat Bondye Papa a epi l ap priye an favè nou.


Okontrè, men ki fwi Sentespri a pwodui nan lavi moun: lamou, lajwa, lapè, pasyans, bon kè, byenveyans, lafwa,


Si nou vle ankouraje m nan Kris la, si nou vle fè m santi m byen, si nou vle fè yon sèl ak mwen nan menm Espri a, si nou vle montre afeksyon ak konpasyon youn pou lòt,


Kounye a se pou Jezikris Senyè nou an ansanm ak Bondye Papa nou, li menm ki te montre nou kijan li renmen nou epi tou ki ban nou, nan gras li, ankourajman etènèl ansanm ak yon esperans solid,


Konsa, Jezi gen pouvwa pou l sove nètale tout moun ki vin jwenn Bondye pa mwayen li menm. Li toujou vivan epi li vle entèsede pou tout moun ki pwoche bò kote Bondye.


Ti moun mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Men si yon moun ta peche, nou genyen Jezikris pou ede nou. Li toujou fè sa ki dwat, kon sa l ap defann nou devan Bondye Papa a.


Pitit la te fè n yon kado espesyal. Nou genyen l nan nou. Sa fè nou pa bezwen moun anseye nou anyen. Kado li ban nou an ap anseye nou tout bagay. Se yon veritab kado, li pa pou twonpe. Poutèt sa, kontinye viv nan Kris la, jan kado l la anseye pou fè sa.


Nou renmen nou poutèt verite a, paske l ap viv nan nou, epi l ap toujou ak nou pou tout tan.


跟着我们:

广告


广告