Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 13:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Simon Pyè reponn: “Si se konsa, se pa pye m pou w lave sèlman, lave ni men m ni tèt mwen tou!”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Simon Pyè di li: — Si se konsa, Mèt, se pa pye m ase pou ou lave. Lave men m yo tou ansanm ak tèt mwen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Simon Pierre te di Li: “Senyè, pa sèlman pye mwen, men anplis men mwen ak tèt mwen.”

参见章节 复制




Jan 13:9
9 交叉引用  

Lè sa a, Pilat wè se tan l ap pèdi. Okontrè, foul la te vin pi ajite. Li mande enpe dlo, epi li lave men l devan je tout moun. Li di: “Mwen inosan nan lanmò nonm sa a. Lanmò l sou kont nou!”


Jezi di l konsa: “Yon moun ki benyen deja, li pa bezwen lave kò l ankò, paske tout kò l gentan pwòp, se pye l sèlman li bezwen lave. Nou pwòp deja, men se pa nou tout.”


Pyè di l konsa: “Lave pye m menm! Sa p ap fèt pyès!” Lè sa a Jezi di li: “Si m pa lave w, ou pa kapab asosye avè m.”


Granprèt la wouze nou ak san Kris la, konsyans nou an pè paske nou pa santi n koupab nan kè nou ankò, kò nou lave nan yon dlo ki pa gen okenn mikwòb. Konsa, an nou pwoche bò kote Bondye avèk yon kè sensè, ak yon asirans total ki chita sou lafwa nou nan Kris la.


Dlo sa a, se tankou yon imaj batèm ki sove nou jodi a. Batèm se pa pou retire salte sou kò nou, se yon angajman nou pran pou n kenbe yon konsyans san repwòch devan Bondye. Li sove nou paske Jezikris te leve vivan nan lanmò.


跟着我们:

广告


广告