Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 13:33 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

33 Zanmi m yo, mwen p ap pase anpil tan ak nou ankò. Nou va chache m, men, menm jan m te di lidè Jwif yo, mwen di nou sa tou, nou p ap kapab vini kote m prale a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

33 Pitit mwen yo, mwen pa la pou lontan ankò avè nou. Ala chache n'a chache mwen! Men, kounyeya m'ap di nou sa m te di jwif yo deja: Nou pa kapab ale kote m prale a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

33 “Pitit Mwen yo, Mwen avèk nou pou yon ti tan anplis. Nou ap chache M, e tankou Mwen te di Jwif yo, koulye a M ap di nou tou. Kote M ap ale, nou p ap kab vini.

参见章节 复制




Jan 13:33
13 交叉引用  

Simon Pyè mande Jezi: “Senyè, kote w prale?” Jezi reponn li: “Kote m prale a ou pa kab swiv mwen kounye a, men ou va swiv mwen pita.”


Yon ti kras tan ankò lemonn p ap wè m ankò, men nou menm n ap wè m. Nou va viv paske mwen menm mwen vivan.


Lakay papa m gen anpil kote pou moun rete. Si sa pa t vre, èske m ta di nou mwen pral prepare yon plas pou nou?


Yo t ap mande youn lòt, “Ki sa Jezi te vle di lè l di: Nou va chache m, men nou p ap jwenn mwen, epi Nou p ap kapab ale kote m prale a?”


Ti moun mwen yo, se soufri m ap soufri yon fwa ankò pou nou, menm jan ak yon manman k ap akouche. M ap toujou santi doulè sa a jouktan yon moun ta gade nou epi yo ta wè Jezikris.


Ti moun mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Men si yon moun ta peche, nou genyen Jezikris pou ede nou. Li toujou fè sa ki dwat, kon sa l ap defann nou devan Bondye Papa a.


Pitit mwen yo, nou se moun Bondye, nou gen tan ranpòte laviktwa sou fo pwofèt yo. Paske moun nan ki nan nou an, li pi puisan pase sa ki nan mond lan.


Konsa, pitit mwen yo, se pou nou rete lwen zidòl yo.


跟着我们:

广告


广告