Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 13:23 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

23 Youn nan disip yo ki te bò tab la, sa Jezi te renmen anpil la, li te chita kòtakòt ak Jezi.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

23 Yonn nan disip yo, sa Jezi te renmen an, te chita kòtakòt avèk li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Te gen youn ki t ap apiye sou Jésus, sila ke Li te renmen anpil la.

参见章节 复制




Jan 13:23
15 交叉引用  

Se kon sa Laza vin mouri. Zanj Bondye yo pote l al met chita nan plas donè bò kote Abraram, pou l manje ak li. Nonm rich la mouri tou, epi yo antere li.


Pa gen okenn moun ki janm wè Bondye Papa a. Men, se sèl Pitit Bondye a ki nan yon relasyon san parèy ak Papa a, se li menm ki fè konnen kilès Papa a ye.


De sè sa yo te voye di Jezi: “Senyè, men zanmi w lan malad.”


Lè sa a, Jwif yo di konsa: “Gade kijan l te renmen l!”


Jezi te renmen Mat, Mari, sè Mat la ak Laza.


Simon Pyè fè disip sa a yon siy pou l mande Jezi pou kilès nan yo l ap pale.


Disip la panche bò zòrèy Jezi, li di l: “Senyè, se kilès?”


Lè Jezi wè manman l bò kote disip li te renmen anpil la, li di manman l: “Madam, men pitit ou.”


Li kouri al jwenn Simon Pyè ak lòt disip la, disip Jezi te renmen an, epi li di yo: “Yo wete Senyè a nan kav la, epi nou pa konn kote yo mete l.”


Pyè voye je gade dèyè, li wè disip Jezi te renmen an dèyè l, disip ki te panche kò l sou Jezi lè yo t ap manje a epi ki te di: “Senyè, kilès k ap trayi w la?”


Se disip sa a ki rakonte bagay sa yo, epi ki ekri yo. Nou konnen sa li di se verite a.


Lè sa a, disip Jezi te renmen an di Pyè: “Se Senyè a!” Fini Simon Pyè fin tande se Senyè a, li foure rad sou li, li mare senti l, paske l pa t gen anyen sou li, li voye kò l nan lanmè a.


跟着我们:

广告


广告