Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 12:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Li t ap pale konsa, se pa paske l te panse ak pòv yo non. Se paske se te yon vòlè l te ye, epi se li menm ankò ki te kenbe kès la. Li te konn vòlè nan sa yo mete ladan l.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Li pat di sa paske li te vle fè kichòy vre pou pòv yo, men paske se vòlè li te ye. Se li ki te kenbe kès lajan an, li te konn pran nan sa yo te mete ladan li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Alò, li pa t di sa paske li te konsène pou malere yo, men paske se te yon vòlè li te ye. Epi konsi li te responsab lajan nan bwat kès la, li te konn piyaje sa ke yo mete ladann.

参见章节 复制




Jan 12:6
19 交叉引用  

Epi li di yo: “Men sa ki ekri nan Bib la: Y a rele kay ki apa pou mwen an yon mezon lapriyè. Men nou menm nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.”


Nan pami medam sa yo, te gen Jàn, madanm Kouza. Kouza sa te responsab pou jere byen Wa Ewòd yo. Te gen Sizàn ak anpil lòt medam ankò. Tout medam sa yo te konn pran nan pwòp byen yo pou yo fè pwovizyon pou Jezi ak disip li yo.


Se paske se yon djòb l ap fè ki fè li pa gen okenn sansibilite pou mouton yo.


Pou ki nou pa vann losyon an pou twasan denye, nou ta bay pòv yo kòb sa a?


Kòm Jida te responsab kès la, kèk moun te panse Jezi te di li, al achte sa w gen pou achte pou fèt la, oubyen bay pòv yo kichòy.


moun k ap vòlè, moun ki lanvi sou afè moun, bwasonyè, medizan, bandi, moun kon sa pa gen plas yo nan wayòm Bondye a.


Yon sèl bagay yo te mande nou se pou nou te toujou sonje pòv yo. Yon bagay mwen te toujou cho deja pou m fè.


Kouri lwen tout sa ki mal.


An n sipoze yon moun ta rive nan reyinyon nou yo. Moun sa a antre ak bèl bag an ò ansanm ak rad ki koute chè anpil. Menm lè sa a tou, yon pòv antre nan reyinyon an, li tou mal abiye.


Men ou menm, ou meprize pòv yo! Poutan, ki moun k ap kraze w? Ki moun k ap trennen w devan tribinal yo? Se moun rich yo, pa vre?


跟着我们:

广告


广告