Paske yon jou, Bondye di: “Se pou limyè briye nan fènwa.” Se menm Bondye sa a ki fè limyè li briye nan kè nou. Li fè nou konnen glwa li k ap briye sou vizaj Kris la.
Pèsonn pa kapab wè Bondye, men se pitit la sèlman yo ka wè, ki menm jan ak Bondye nan tout pwen. Se li k ap gouvène tout kreyasyon an, kòm premye pitit gason li.
Tout glwa Bondye ap klere sou li. Tout sa Bondye ye, se sa Pitit la ye tou. Pawòl li gen puisans pou kenbe tout bagay nan plas yo. Apre Pitit la fin lave peche lèzòm, l al chita adwat Papa a ki gen tout pouvwa a.
Nou konnen Pitit Bondye a te vini epi li te ban nou entèlijans pou nou konnen Verite a. Epi nou nan verite a, nan Pitit li a, Jezikris. Se li ki Bondye toutbon vre a, se li ki lavi etènèl la.