Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 12:42 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

42 Poutan, pami chèf yo menm, anpil te kwè nan Jezi. Men poutèt Farizyen yo, yo pa t oze di sa, yo te pè pou yo pa t mete yo deyò nan Sinagòg la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

42 Malgre sa, menm pami chèf jwif yo, anpil moun te kwè nan Jezi. Men, akòz farizyen yo, yo pat kite moun wè sa pou yo pat mete yo deyò nan sinagòg la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

42 Malgre sa, menm anpil nan gran chèf yo te kwè nan Li, men akoz Farizyen yo, yo pa t konfese sa a, akoz krent ke yo ta vin mete deyò nan sinagòg la.

参见章节 复制




Jan 12:42
25 交叉引用  

Nenpòt moun ki kanpe an piblik pou l di se moun mwen li ye, mwen ap kanpe devan Papa m ki nan syèl la pou m di: moun sa a se moun mwen.


M ap di nou sa: “Nenpòt moun ki pa wont kanpe devan moun pou l di se moun pa m li ye, mwen p ap wont non plis pou m di se moun pa m li ye. M ap di sa menm devan anj Bondye yo.


Pilat rele chèf prèt yo ak tout otorite yo ansanm ak tout pèp la.


Anpil benediksyon pou nou lè moun rayi nou, lè yo meprize nou, lè yo joure nou, lè yo twouve li pa bon pou yo ta menm site non nou, poutèt mwen menm, Pitit Lòm nan.


Anpil nan Jwif sa yo, ki te vin wè Mari epi ki te wè sa Jezi te fè a, te kwè nan li.


Paske, poutèt li menm, anpil Jwif vire do kite yo pou y al kwè nan Jezi.


Yo va mete nou deyò nan Sinagòg yo. Pi plis ankò, gen yon lè k ap vini, kote yon moun ki touye nou ap kwè se sèvis l ap rann Bondye.


Apre bagay sa yo, Jozèf, moun lavil Arimate a, te mande Pilat otorizasyon pou l pran kò Jezi. Se te yon disip tou, men li te disip Jezi ankachèt, paske li te pè Jwif yo. Pilat dakò, kon sa Jozèf vin pran kò a.


Yon lè, nan lannuit, li vin kote Jezi epi li di li: “Mèt, nou konnen ou se yon pwofesè Bondye voye. Paske pèsonn pa kapab fè mirak sa yo ou ap fè a, si Bondye pa avèk li.”


Men pa t gen yon moun ki te brav ase pou l ta pale de li pou tout moun tande. Yo te pè lidè Jwif yo.


Men te gen anpil nan moun sa yo ki te kwè nan Jezi. Yo di: “Nonm sa a tèlman fè mirak. Lè Mesi a va vini, èske l ap ka fè plis mirak pase nonm sa a?”


Paran yo te pale kon sa paske yo te pè lidè Jwif yo. Lidè yo te gentan antann yo pou yo pini tout moun ki di Jezi se Mesi a. Yo ta mete l deyò nan Sinagòg la.


Lidè Jwif yo reponn li: Gade non! Ou fèt nan labou peche, epi ou ap vin fè nou leson? Lidè yo mete nonm nan deyò nan sinagòg la epi yo di l pa retounen ankò.


Apot yo ale kite Konsèy Jwif yo. Yo t ap rejwi nan kè yo dèske Bondye te wè yo diy pou yo sibi lawont kon sa pou non Jezi.


Wi, si nou kwè nan Jezi ak tout kè nou, Bondye fè nou vin lib devan l, lè nou temwanye lafwa nou ak bouch nou, Bondye sove nou.


Moun ki konfese Jezi se Pitit Bondye, Bondye ap viv nan li epi li menm tou l ap viv nan Bondye.


Men kouman nou ka rekonèt Lespri Bondye: Tout Lespri k ap konfese Jezi te devni yon moun, Lespri sa a soti nan Bondye asireman.


跟着我们:

广告


广告