Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 12:36 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

36 Pandan nou genyen limyè a, se pou n kwè nan limyè a, kon sa nou va tounen pitit limyè.” Apre Jezi fin pale kon sa ak yo, li pati l al kache.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

36 Mete konfyans nou nan limyè a pandan nou genyen l lan, pou nou kapab moun limyè a. Apre li fin di yo pawòl sa yo, Jezi wete kò l, l'al kache byen lwen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

36 Pandan nou gen limyè a, kwè nan limyè a pou nou kapab vini fis a limyè a.” Bagay sa yo Jésus te pale, epi Li ale kache kò Li pou yo pa jwenn Li.

参见章节 复制




Jan 12:36
17 交叉引用  

Apre sa Jezi deplase, li soti kite vil la. L ale Betani. Se la li te pase nuit la.


Ou se limyè lemonn. Lè yon vil chita sou tèt yon mòn tout je ka wè l.


Patwon an fè move administratè a konpliman dèske li te aji ak tout ladrès sa a. Jounen jodi a, moun k ap viv nan fènwa yo parèt entèlijan nan jan y ap mennen biznis yo youn ak lòt plis pase moun k ap viv nan limyè Bondye a.”


Li te vin temwanye pou fè moun konnen kilès ki Limyè a. Konsa tout moun ta rive kwè nan li.


Poutèt sa, Jezi te sispann ale vini devan tout moun nan teritwa Jide a: Li t al rete toupre dezè a nan yon ti vil yo rele Efrayim. Se la l te rete ak disip li yo.


Menm lè Jezi fè tout mirak sa yo devan pèp la, yo pa t kwè nan li


Mwen menm, mwen vini pou m yon limyè pou lemonn, pou nenpòt moun ki kwè nan mwen pa rete nan fènwa.


Men, moun k ap pratike verite a yo vini nan limyè a. Alò limyè a ap devwale tout sa yo te fè nan obeyi Bondye.


Pi ta, Jezi t ap pale ak pèp la ankò. Li di: “Mwen se limyè lemonn. Nenpòt moun k ap swiv mwen p ap janm mache nan fènwa. Yo va gen limyè ki bay lavi a.”


Lè sa a yo ranmase wòch pou yo te touye li, men Jezi te kache epi li chape kò l soti nan tanp lan.


Anvan nou te kwè nan Kris la, nou te nan fènwa. Men kounye a, nou se yon sous limyè nan Senyè a. Konsa, nou fèt pou n mennen bak nou tankou moun ki nan limyè a vre.


Se moun limyè nou ye, konduit nou klè tankou lajounen. Nou pa pitit fènwa ni nou pa mele ak lannuit.


Men nou menm se moun limyè nou ye, an nou kontwole tèt nou. An nou sèvi ak lanmou epi lafwa kòm zam pou nou pwoteje tèt nou. An nou sèvi esperans delivrans lan tankou yon kask sòlda yo mete sou tèt yo.


跟着我们:

广告


广告