Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 12:27 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

27 Kounye a, m santi lespri m twouble. Ki sa m ta di? Papa, delivre m non anba tan soufrans sa a. Men, se pou sa menm mwen te vini.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

27 — Men kounyeya, kè m boulvèse. Mwen pa konn sa pou m di. Mwen ta di: Papa, delivre m anba sa ki pral rive kounyeya. Men, se pou sa menm mwen vini, pou m pase tan soufrans sa a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 “Koulye a nanm Mwen vin twouble. Epi kisa M ap di: ‘Papa, sove M de lè sa a’? Men se pou rezon sa a ke M te rive nan lè sa a.

参见章节 复制




Jan 12:27
24 交叉引用  

Apre sa Jezi leve vwa li, li di: “Mwen louwe non ou, Papa, Senyè syèl la ak tè a, dèske ou te kache tout bagay sa yo devan je nèg save yo ak moun lespri yo. Alòske ou revele yo bay ti piti sa yo ki pa reprezante anyen.


Wi, Papa, sa fèt kon sa paske se kon sa menm ou te vle li.


Jezi deplase yon dezyèm fwa pou l te ka priye. Li di: “Papa, si sèl chwa mwen genyen se pase anba soufrans, se pou volonte w fèt.”


Apre sa li retounen bò kot disip yo, epi l di yo: “N ap dòmi toujou? N ap repoze kò nou? Tande non, lè a rive! Yo pral livre Pitit Lòm nan bay mechan yo.


Jezi te nan gwo lapenn. Li priye pi plis toujou. Swè t ap koule sou li tonbe atè tankou gwo gout san.


Mwen te toujou ansanm ak nou chak jou nan tanp lan, pou kisa nou pa t arete m. Men kounye a se jou pa nou, jou kote fènwa ap renye.”


Yo retire wòch la epi lè sa a, Jezi leve je l anlè, li di: “Papa, mwen remèsye w, paske ou te reponn priyè mwen.


Men, Jezi reponn yo konsa: “Moman an rive pou Pitit Lòm nan resevwa glwa li.


Lè l fin pale konsa, li te santi l boulvèse anndan l, epi li di yo aklè: “An verite, an verite, mwen di nou: gen youn nan nou k ap trayi m.”


Lè sa a, Pilat di li: “Ki fè, se wa ou ye?” Jezi reponn li: “Se ou ki di mwen se wa?” Mwen fèt epi mwen vini nan lemonn pou m pale pou verite a. Nenpòt moun ki moun verite a koute sa m ap di.


Mesaj sa a se verite a, nou dwe resevwa l san ezite: Jezikris te vin nan lemonn pou l sove pechè yo. Mwen menm, mwen se premye nan yo.


Pitit sa yo se moun ki gen yon kò ki fèt avèk chè ak san. Jezi pran menm kalite kò sa a pou l ka fè menm kalite esperyans avèk yo. Jezi te vin tounen menm jan ak yo, kon sa lanmò l te ka detwi satan ki gen pouvwa lanmò a.


Pandan lavi Jezi sou latè li te priye Bondye, li te mande èd nan men sila ki te ka sove l anba lanmò. Li te priye ak gwo rèl ak dlo nan je. Bondye te reponn priyè li poutèt krentif li te gen pou Bondye.


跟着我们:

广告


广告