Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 12:18 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Se poutèt sa, foul moun sa yo te vin kontre li, paske yo te tande ki kalite mirak li te fè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Se konsa, foul moun yo te vin konnen li te fè mirak sa a. Se poutèt sa yo te vin kontre li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Pou koz sa, foul la te ale rankontre Li, paske yo te tande ke Li te fè sign sila a.

参见章节 复制




Jan 12:18
6 交叉引用  

Jezi te prèske rive Jerizalèm, li te gentan prèske fin desann mòn Oliv la, lè yon sèl van rejwisans tonbe soufle nan foul la. Tout disip yo te kontan. Yo leve vwa yo byen wo pou yo fè lwanj pou Bondye pou tout mirak yo te wè yo.


Paske, poutèt li menm, anpil Jwif vire do kite yo pou y al kwè nan Jezi.


Nan demen, tout foul moun ki te vin nan fèt la te vin konnen Jezi t apral rive nan lavil Jerizalèm.


Lè sa a, Farizyen yo t ap di antre yo menm: “Nou pa wè nou pa ka fè anyen? Men tout moun pati ale jwenn li.”


Se te premye mirak Jezi te fè. Sa te pase nan Kana, yon ti vil, nan teritwa Galile. Konsa, Jezi te montre grandè li epi disip li yo kwè nan li.


Yon gwo foul moun te pran swiv li, paske yo te wè anpil mirak li t ap fè, lè li t ap geri malad yo.


跟着我们:

广告


广告