Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 11:55 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

55 Fèt Pak Jwif yo te prèske rive. Nan moman fèt la, anpil moun soti nan tout peyi a vini Jerizalèm pou yo te kapab fè tout sa Lalwa te mande pou yo te pirifye yo pou fèt la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

55 Fèt Pak jwif yo te vanse rive. Anpil moun soti toupatou nan peyi a, yo moute Jerizalèm, anvan fèt la, pou yo te ka fè sèvis pou mete moun nan kondisyon sèvi Bondye.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

55 Alò, Pak Jwif la te pwòch, epi anpil te kite andwa andeyò yo pou monte nan Jérusalem, pou yo ta kab vin pirifye.

参见章节 复制




Jan 11:55
30 交叉引用  

Apre Jezi fin pale tout pawòl sa yo, li di disip li yo:


“Sonje, fèt Pak la se apre demen! Yo pral livre Pitit Lòm nan bay lènmi l yo ki pral krisifye l sou yon kwa.”


De jou anvan fèt Pak la ak fèt Pen san ledven an, Chèf Jwif yo ak direktè Lalwa yo t ap chache yon fason avèk riz pou arete Jezi ankachèt epi touye l.


Lè a te prèske rive pou Jwif yo te fete fèt pen san ledven an, sa yo rele fèt Delivrans la.


Sis jou anvan fèt Pak la, Jezi ale Betani kote Laza, nonm li te resisite a te rete.


Anvan fèt Pak la, Jezi te deja konnen lè l te rive pou l kite lemonn pou l ale kote Papa l, li te toujou renmen moun li chwazi pou disip li yo. Lè sa a, li ba yo yon prèv lanmou san mezi.


Lè sa a, yo mennen Jezi soti lakay Kayif ale nan katye jeneral gouvènè a. Li te fenk ap fè jou. Moun ki te mennen l yo pa t antre nan katye jeneral gouvènè a. Si yo te antre yo pa t ap pwòp pou manje nan manje fèt Pak la.


Fèt Pak Jwif yo te prèske rive, kon sa Jezi t al Jerizalèm.


Te gen sis gwo ja an wòch ki te la, Jwif yo te konn itilize yo pou mete dlo pou seremoni pirifikasyon yo. Chak ja te kapab kenbe 20 pou rive 30 galon konsa.


Apre sa, Jezi t ale Jerizalèm pou yon fèt espesyal Jwif yo te genyen.


Se te prèske lè pou fèt Pak Jwif yo.


Pran mesye sa yo avè w epi patisipe nan seremoni pirifikasyon y ap fè pou mete tèt yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye a. Pran responsabilite pou w peye depans pou yo koupe cheve yo. Sa ap fè tout moun wè sa yo te tande moun di sou ou yo se pa t verite a. Y a wè ou pratike lalwa Moyiz la nan pwòp lavi pa w tou.


Pòl te chwazi pran kat mesye yo avèk li vre. Nan demen, li te patisipe vre nan seremoni yo t ap fè pou mete tèt yo nan kondisyon pou sèvi Bondye a. Apre sa, Pòl antre nan lakou Tanp lan pou l al anonse ki lè peryòd pirifikasyon an t ap fin i. Nan dènye jou a, yo t ap gen pou prezante yon of rann pou chak mesye yo.


Anvan nou manje pen an oubyen nou bwè diven an, nou bezwen byen reflechi sou konpòtman nou ak atitid nou.


Pwoche bò kote Bondye, l ap pwoche kote w tou. Netwaye lavi w, ou menm k ap komèt move zak yo. Retire peche nan lavi w, ou menm k ap woule de bò ant Bondye ak mond lan.


跟着我们:

广告


广告