35 Jezi te pran kriye.
35 Dlo kouri nan je Jezi.
35 Jésus te kriye.
Pandan pèp la t ap koute tout bagay sa yo, Jezi rakonte yon parabòl. Li t ap pwoche pi plis sou Jerizalèm, epi anpil moun te panse Wayòm Bondye a t ap parèt imedyatman.
Lè Jezi rive toupre lavil Jerizalèm, li annik wè li, li tonbe kriye poutèt vil la.
Lè Jezi wè Mari ak Jwif kite vini avè l yo t ap kriye, sa te fann kè l anpil epi lespri l te twouble.
Li di yo konsa: “Ki kote nou mete l?” Yo di l: “Senyè vin wè.”
Nou gen yon granprèt ki konprann feblès nou yo. Li pase anba tout kalite tantasyon menm jan avèk nou lè li t ap viv sou latè, men li pa t janm peche.