Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 10:41 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

41 Anpil moun te al jwenn li. Yo di: “Se vre, Janbatis pa fè mirak, men tout sa l di sou nonm sa a se verite a.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

41 Anpil moun te vin jwenn li. Yo t'ap di: — Jan pat fè okenn mirak, men tou sa li te di nou sou nonm sa a, se te vre wi.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

41 Anpil te vin kote L e t ap di: “Malgre Jean pa t fè yon sign, tout bagay li te di selon mesye sa a se te vrè.”

参见章节 复制




Jan 10:41
12 交叉引用  

Li di sèvitè l yo: “Nonm sa a pa ka lòt moun sinon Janbatis. Se paske li resisite ki fè li gen pouvwa pou l fè tout gwo mirak sa yo.”


Lè yo jwenn Jezi, yo di li: “Tout moun ap chache w wi.”


Lè sa a, foul moun ki te rasanble pou tande Jezi a te plizyè milye. Yo te tèlman anpil, se kòmsi youn t ap mache sou lòt. Men, Jezi chwazi pale ak disip li yo anvan, pandan lòt moun yo ap koute. Li di yo: “Veye kò nou ak ledven Farizyen yo, ki vle di yo eseye parèt tankou moun ki dwat, men alaverite yo pa moun ki dwat.


Vwala yon jou Jezi te kanpe bò lak Jenezarèt la, epi yon foul moun t ap kwense li pou yo tande pawòl Bondye a.


Li va vini apre m. Mwen pa bon ase pou m ta lage lasèt sandal li.”


Se te premye mirak Jezi te fè. Sa te pase nan Kana, yon ti vil, nan teritwa Galile. Konsa, Jezi te montre grandè li epi disip li yo kwè nan li.


跟着我们:

广告


广告