Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 10:27 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

27 Mouton m yo ap koute vwa m, mwen konnen yo epi yo swiv mwen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

27 Mouton m yo koute vwa m, mwen konnen yo epi yo swiv mwen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 “Mouton pa M yo tande vwa M, e yo swiv Mwen.

参见章节 复制




Jan 10:27
26 交叉引用  

Apre sa, Jezi di disip li yo: “Si yon moun vle swiv mwen, fòk li bliye pwòp tèt li, fòk li pote kwa l epi swiv mwen.


Pandan Pyè ap pale konsa, yon nyaj klere vin kouvri yo, epi yon vwa pale nan nyaj la, li di: “Sa a se pitit mwen renmen anpil la. Li toujou fè kè m kontan. Tande l lè l pale!”


Men li reponn yo: An verite, m pa konnen nou!


Lè sa a m ap di yo klè: Kote m konnen nou! Rale kò nou sou mwen bann pechè pwofesyonèl.


Jezi gade nonm nan yon jan ki fè ou wè li renmen l. Jezi di li: “Bon, gen yon sèl bagay ou rete pou ou fè ankò, al vann tout sa ou genyen, bay pòv lajan an, kon sa ou ap gen yon trezò nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.”


Apre sa, Jezi rele foul la ak disip li yo, epi li di yo: “Si yon moun vle swiv mwen fòk li bliye pwòp tèt li, fòk li pote kwa l epi swiv mwen.”


Li menm l a reponn nou: Mwen pa konnen nou. Mwen pa menm konnen ki kote nou soti. Retire nou devan mwen, bann moun k ap fè move zak!


Epi li kontinye di yo tout: “Si yon moun vle swiv mwen fòk li bliye pwòp tèt li, fòk li pote kwa l epi swiv mwen.


Mwen se bon bèje a, mwen konnen mouton m yo epi mouton m yo konnen m tou.


Mwen genyen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Mouton sa yo, fòk mwen mennen yo vini. Y a tande vwa m, lè sa a y ap vini. Konsa, yo tout ap fè yon sèl twoupo ak yon sèl bèje.


Tout lòt yo ki te vini anvan m se brigan ak vòlè yo ye, men mouton yo pa t koute yo.


Si yon moun ap sèvi mwen, se pou l swiv mwen, epi kote m ye sèvitè mwen ap la tou. Si yon moun ap rann mwen sèvis, Papa m ap fè lwanj pou li.


Jezi reponn li: “Si m vle l rete vivan jouktan m vini, ki mele w sa? Ou menm, se swiv pou ou swiv mwen.”


Sa m ap di nou la a, se vre, nou ta dwe kwè sa. Epi kite m di nou yon lòt bagay, gen yon jou enpòtan k ap vini. Jou sa a gentan la. Moun ki mouri va tande vwa Pitit Bondye a. Epi moun ki tande se yo ki va gen lavi.


Pi ta, Jezi t ap pale ak pèp la ankò. Li di: “Mwen se limyè lemonn. Nenpòt moun k ap swiv mwen p ap janm mache nan fènwa. Yo va gen limyè ki bay lavi a.”


Pou kisa nou pa kapab konprann langaj mwen? Paske nou pa kapab aksepte ansèyman m.


Nenpòt moun ki refize koute pwofèt sa a, y ap touye li. Y ap retire li nèt pami pèp Bondye a.


Men moun ki renmen Bondye se li Bondye konnen.


Men kounye a, nou konnen vrè Bondye a. Ann di pito, se Bondye ki konnen nou. Alò, poukisa nou retounen al obeyi vye fòs san pouvwa san valè, bagay nou te swiv anvan yo? Èske nou vle retounen esklav bagay sa yo ankò?


Poutan, fondasyon Bondye plante a p ap janm ranvèse, men sa ki ekri sou sa: “Senyè a konnen moun ki moun pa l yo”. Men kèk lòt pawòl ankò: Nenpòt moun ki di yo kwè nan Senyè a, li dwe sispann fè sa ki mal.


Se poutèt sa, jan Sentespri a di l la: “Si w tande vwa Bondye jodi a,


Moun sa yo se moun ki pa t sal tèt yo nan fè peche seksyèl ak fi, yo san peche. Y ap mache dèyè Ti Mouton an tout kote l ale. Yo se moun ki te rachte pami lèzòm tankou ofrann pou Bondye ak pou Ti Mouton an.


Men m kanpe devan pòt la, m ap frape. Si yon moun tande vwa m epi li louvri pòt la, m ap antre manje avè l, epi limenm tou l ap manje avè m.


跟着我们:

广告


广告