Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 10:25 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

25 Jezi reponn yo: “Mwen di nou sa deja, men nou pa kwè. Mirak sa yo m ap fè nan non Papa m, yo montre aklè ki moun mwen ye.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

25 Jezi reponn yo: — Mwen deja di nou sa, nou pa vle kwè mwen. Bagay m'ap fè yo, se avèk otorite Papa m m'ap fè yo. Yo pale pou mwen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

25 Jésus te di yo: “Mwen te di nou, e nou pa kwè M. Zèv ke M fè nan non Papa M yo, sa yo fè temwayaj de Mwen.”

参见章节 复制




Jan 10:25
17 交叉引用  

Jezi reponn yo: “Mwen fè anpil bèl bagay ki soti nan Papa a. Pou kilès ladan yo nou ta vle touye m ak kout wòch?”


Si m pa fè travay Bondye Papa m, pa kwè mwen.


Men si m ap fè sa Papa m ap fè, nou ta dwe kwè nan sa m fè. Menm si nou pa t ka kwè mwen, nou ta dwe kwè nan bagay m ap fè yo. Se lè sa a, nou ta konnen epi nou ta konprann Papa a nan mwen epi mwen menm, mwen nan Papa a.”


Chèf prèt yo ak Farizyen yo te reyini Gran Konsèy la, epi yo di: “Ki sa n ta fè? Paske nonm sa a fè yon bann mirak.


Menm lè Jezi fè tout mirak sa yo devan pèp la, yo pa t kwè nan li


Kwè m si nou vle, lè m di: Mwen nan Papa a epi Papa a nan mwen. Sinon, kwè kanmenm poutèt mirak yo.


Jezi te fè anpil lòt mirak ankò ki pa rapòte nan liv sa a.


Yon lè, nan lannuit, li vin kote Jezi epi li di li: “Mèt, nou konnen ou se yon pwofesè Bondye voye. Paske pèsonn pa kapab fè mirak sa yo ou ap fè a, si Bondye pa avèk li.”


Men te gen anpil nan moun sa yo ki te kwè nan Jezi. Yo di: “Nonm sa a tèlman fè mirak. Lè Mesi a va vini, èske l ap ka fè plis mirak pase nonm sa a?”


Pi ta, Jezi t ap pale ak pèp la ankò. Li di: “Mwen se limyè lemonn. Nenpòt moun k ap swiv mwen p ap janm mache nan fènwa. Yo va gen limyè ki bay lavi a.”


Se poutèt sa mwen di nou, n ap mouri nan peche nou. Paske si nou pa kwè moun mwen ye a, n ap mouri nan peche nou.”


Abraram, papa nou, te kontan nèt lè l sèlman panse mwen gen pou m vini. Li te kontan nèt, lè l te wè jou sa a rive.”


Jezi reponn yo: “An verite, an verite, m ap di nou, anvan Abraram te la, mwen la.”


Anplis, nou konnen kijan Bondye te mete Sentespri li ak puisans li sou Jezi, moun Nazarèt la. Jezi te mache nan tout peyi a, li t ap fè byen pou moun yo, li t ap geri tout moun ki te anba pouvwa Satan, paske Bondye te avèk li.


Nou menm moun Izrayèl, koute byen sa m pral di nou an: Jezi, moun Nazarèt la, se te yon moun Bondye te voye. Bondye te fè nou wè sa pa mwayen tout mirak, tout mèvèy ak tout siy li te ba l pouvwa fè nan mitan nou. Se bagay nou tout konnen trè byen.


Konsa, se yon bagay ki sèten, si nou neglije kalite delivrans Bondye ap ofri nou jodi a, n ap jwenn pinisyon pou sa tou. Delivrans sa a, se Senyè a menm ki te anonse l an premye. Epi moun ki te tande l yo bay prèv se yon mesaj ki chita sou verite a.


跟着我们:

广告


广告