Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 1:42 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

42 Alò Andre mennen Simon bay Jezi. Jezi gade Simon epi li di l: “Ou se Simon, pitit Jonas, yo va rele w Sefas.” (Sefas vle di Pyè ki vle di Wòch.)

参见章节 复制

1998 Haïtienne

42 Li mennen Simon bay Jezi. Jezi gade l, li di: — Se ou menm Simon, pitit Jan an? Y'a rele ou Sefas. (Se menm bagay ak Pyè, ki vle di wòch.)

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

42 Li te mennen li kote Jésus. Jésus te gade li e te di: “Ou se Simon, fis a Jean. Ou va rele Céphas,” ki tradwi vle di Pierre.

参见章节 复制




Jan 1:42
20 交叉引用  

Men non douz apot yo: An premye, nou jwenn Simon (yo rele l Pyè) epi frè li ki rele Andre, Jak pitit Zebede ansanm ak frè li Jan,


Men non douz moun li rele apot yo. Li bay Simon non Pyè,


Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l nan pye Jezi, epi li di li: “Pa rete kote mwen, Senyè. Mwen se yon pechè.”


Simon, Jezi te rele l Pyè tou; Andre, frè Simon an, Jak, Jan, Filip, Batèlmi.


Pawòl m ap di la a pa konsène tout moun. Mwen konnen kilès mwen chwazi. Men pou Bib la kapab akonpli: Moun k ap manje pen avèk mwen an leve kont mwen.


Simon Pyè, Toma yo te rele Didim nan, Natanayèl moun Kana nan teritwa Galile a, de pitit Zebede yo ak de lòt disip, yo tout te ansanm.


Jezi di li: “Ale chache mari w mennen vini.”


Mwen tande gen moun k ap di: “Mwen, se Pòl m ap swiv!” Gen lòt ki di: “Mwen, se ak Apolòs m ap swiv!” Gen lòt ki di: “Mwen, se Pyè m ap swiv!” Gen lòt ki di: “Mwen se Kris m ap swiv!”


Li te parèt devan Pyè. Li te parèt devan douz apot yo.


Kit se te Pòl, kit se te Apolòs oswa Pyè, lemonn, lavi oswa lanmò, bagay ki la jodi a oswa sa k gen pou vini; tout pou nou deja.


Èske n pa gen dwa pou n ta gen yon sè kwayan kòm madanm, tankou lòt apot yo, tankou frè Senyè yo oswa tankou Pyè?


Twazan apre Bondye te fin rele m nan, m t al nan legliz Jerizalèm nan pou m te ka fè konesans ak Pyè. Mwen te pase kenz jou avè l.


Lè Pyè te vin nan Antyòch, mwen te montre l mwen pa t dakò avè l, paske li te fè yon bagay ki pa bon.


Alò, tout moun rekonèt Jak, Pyè ak Jan kòm gwo lidè nan legliz Jerizalèm nan. Lè mesye sa yo wè favè Bondye te fè m, yo bay Banabas avèk mwen lanmen asosyasyon pou montre se ansanm n ap travay. Yo montre nou yo dakò pou n kontinye travay ak moun ki pa Juif yo, alòske, yo menm, y ap travay ak Juif yo.


跟着我们:

广告


广告