Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 1:38 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

38 Jezi vire gade, epi li wè de mesye yo ap swiv li. Li mande yo: “kisa nou vle?” Yo reponn: “Mèt, ki kote ou rete?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

38 Jezi vire tèt li gade, li wè yo t'ap swiv li. Li mande yo: — Sa n'ap chache? Yo mande li: — Ki kote ou rete, Rabi? (Mo rabi sa a vle di mèt.)

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

38 Konsa, Jésus te vire pou wè yo t ap swiv Li, e te di yo: “Kisa n ap chache”? Yo te di Li: “Rabbi, ki tradwi vle di ‘Mèt’, se kibò w ap rete?”

参见章节 复制




Jan 1:38
30 交叉引用  

Mata te gen yon sè yo rele Mari. Mari ta vin chita nan pye Jezi ap koute ansèyman Jezi t ap bay yo.


Yon gwo foul moun t ap swiv Jezi nan wout la. Li vire gade yo li di yo:


Apre sa, li leve li tounen lakay papa l. Pandan jèn nonm nan te yon bèl distans toujou, papa l wè l ap vini, epi kè papa a fè l mal pou li. Papa a kouri al kontre pitit la, li vole nan kou pitit la, li bo li.


Lè Jezi rive kote Zache te ye a, li leve tèt li anlè, li di l: “Zache, prese desann, paske jodi a fòk mwen pase lakay ou.”


Jezi vire tèt li, li gade Pyè. Menm lè a, Pyè vin sonje pawòl Jezi te di l la: “Anvan kòk la chante jodi a, ou ap gentan di ou pa konnen m pandan twa (3) fwa.”


Nonm ki te gen move lespri sou li a t ap ensiste pou l te ale avèk Jezi, men Jezi te refize. Li voye l ale, li di l:


Lè de disip yo te tande sa Jan di a, yo swiv Jezi.


Jezi reponn yo: “Vini, nou va wè.” Se kon sa de mesye sa yo te pati avèk Jezi. Yo te wè kote li rete, epi yo rete pase jounen an ak li. Se te bò katrè konsa.


Alò Natanayèl reponn: “Mèt, ou se pitit Bondye a. Ou se Wa Izrayèl la.”


Y al jwenn Filip ki moun Bètsayida, nan teritwa Galile, yo mande l: “Mesye, nou ta renmen wè Jezi.”


Poutèt Jezi te konnen tout sa k te gen pou rive, li avanse sou yo epi l mande yo: “Kimoun n ap chache?”


Jezi mande yo ankò: “Ki moun n ap chache?” Yo reponn: “Jezi, moun Nazarèt la.”


Yon lè, nan lannuit, li vin kote Jezi epi li di li: “Mèt, nou konnen ou se yon pwofesè Bondye voye. Paske pèsonn pa kapab fè mirak sa yo ou ap fè a, si Bondye pa avèk li.”


Alò, yo te vin jwenn Janbatis epi yo di li: “Mèt, ou sonje nonm nan ki te avèk ou lòtbò rivyè Jouden an? Se de li ou t ap pale tout moun nan. Li menm l ap batize moun tou, epi tout moun fin al jwenn li.”


Pandan fanm nan te nan vil la, disip Jezi yo t ap ankouraje Jezi konsa: “Mèt, manje yon bagay non!”


Pèp la jwenn Jezi sou lòtbò lak la. Yo mande li: “Mèt, depi ki lè ou vin isit la?”


Konsa, Pyè desann, l al jwenn mesye yo epi li di: “M kwè se mwen menm n ap chache. Ki sa k mennen nou isit la?”


Se poutèt sa, lè ou voye chache m, mwen vini san m pa ezite. Kounye a, mwen ta vle konnen poukisa ou te voye chache m.”


Men, Rit reponn: “Pa fòse m kite w ale poukont ou. Kote ou fè, se la m ap fè. Kote ou dòmi, se la m ap dòmi. Pèp pa w la, se li k i va pèp pa mwen. Bondye pa w la, se li ki va Bondye m tou.


跟着我们:

广告


广告