Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 1:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Se ak li menm tout bagay te kreye; pa te gen anyen ki te kreye san li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Se ak Pawòl la Bondye fè tout bagay. Nan tou sa ki te fèt, pat gen anyen ki te fèt san Pawòl la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Tout bagay ki te fèt te fèt pa Li, epi san Li, anyen ki te fèt pa t vin fèt.

参见章节 复制




Jan 1:3
20 交叉引用  

Men Pawòl la te nan mond lan deja, se ak Pawòl la menm mond lan te kreye. Poutan, mond lan pa t rekonèt Pawòl la.


Li te avèk Bondye nan kòmansman.


pou nou menm gen yon sèl Bondye. Se Bondye Papa a. Se li menm ki kreye tout bagay. Se pou li n ap viv. Genyen yon sèl Senyè: Jezikris. Se pa mwayen Jezikris tout bagay egziste. Se pa mwayen Jezikris nou gen lavi.


Bondye mete m responsab pou m fè li klè pou tout moun, kijan l ap reyalize plan li te kenbe sekrè a. Nan tout tan pase yo, Bondye ki te kreye tout mond lan, li pa t kite pèsonn konnen sa l t apral fè.


Lafwa ede nou konprann se avèk pawòl li Bondye te kreye lemonn antye. Sa vle di bagay nou wè ak je nou jodi a soti nan bagay nou pa ka wè ak je nou.


Nenpòt moun ki kwè Jezi se Kris la, li se pitit Bondye, epi nenpòt ki moun ki renmen Papa a, li renmen pitit Papa yo tou.


Ekri voye bay anj legliz Lawodise a, di l konsa: Moun ki rele Verite a, ki pale selon verite a, moun ki sous kreyasyon Bondye a, men kisa l voye di w:


“Senyè Bondye nou, ou diy pou resevwa glwa, onè ak pouvwa. Paske se ou menm ki kreye tout bagay. Tout bagay te fèt paske w te vle fè yo.”


跟着我们:

广告


广告