Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jan 1:13 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Yo vin pitit Bondye, men sa pa fèt menm jan ak lè yon moun fè pitit. Se pa paske yon moun te vle sa oubyen te fè plan pou sa, men se yon bagay Bondye fè ak pwòp volonte li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Yo pa te vin pitit Bondye jan sa fèt pami lèzòm. Paske sa pa te soti nan egzijans lachè, ni nan volonte lèzòm. Se nan Bondye menm sa te soti.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 ki pa t fèt ni pa san, ni pa volonte lachè a, ni pa volonte a lòm, men pa Bondye.

参见章节 复制




Jan 1:13
25 交叉引用  

Pa chita ap di: Se pitit Abraram nou ye! Paske, m ap di nou franchman, Bondye ka fè wòch sa yo fè pitit pou Abraram.


Jezi reponn li: “Mwen di w verite a, si yon moun pa fèt yon lòt fwa, li p ap kapab antre nan wayòm Bondye a.”


Mwen te plante grenn nan, Apolòs te wouze l, men se Bondye ki fè plant la grandi.


Paske se Bondye ki travay nan nou pou fè nou gen volonte epi se li menm ki fè sa li vle nou fè nan nou.


li te sove nou, paske li fè nou gras. Se pa paske nou te fè anyen pou sa. Li te lave peche n yo fè n vin pwòp, li ban nou nouvo lavi pa mwayen Sentespri a. Se tankou nou te fèt yon lòt fwa.


Bondye te deside ban nou lavi pa mwayen mesaj verite a. Li te vle pou nou pi enpòtan pou li pase tout sa li te kreye yo.


Paske nou fèt yon lòt fwa ankò. Nouvèl vi sa a pa soti nan sa k ap peri men nan sa k pa ka peri, granmesi pawòl Bondye ki vivan epi ki p ap janm pase.


Louwanj pou Bondye, papa Jezikris, Senyè nou an. Nan bonte li, li ban nou yon lòt lavi tou nèf ki pote yon vrè espwa pou nou, granmesi Jezi ki te resisite a.


Se pou nou toujou vle bwè bon lèt espirityèl, san melanj tankou ti bebe ki fenk fèt. Lè sa a, n ap grandi epi n ap sove.


Nenpòt moun ki soti nan Bondye p ap kontinye fè peche, paske nouvo lavi Bondye ba li a rete nan li, li pa kapab ap fè peche, paske se nan Bondye li soti.


Zanmi m yo, se pou nou gen lanmou youn pou lòt, paske lanmou soti nan Bondye. Nenpòt moun ki gen lanmou nan kè l, se nan Bondye li soti. Li konnen Bondye.


Nenpòt moun ki kwè Jezi se Kris la, li se pitit Bondye, epi nenpòt ki moun ki renmen Papa a, li renmen pitit Papa yo tou.


Nou konnen nenpòt moun ki pitit Bondye pa chita ap fè peche. Paske Pitit Bondye a ap veye sou li. Satan pa gen dwa touche l.


Nou konnen tout moun ki pitit Bondye genyen laviktwa sou mond lan, epi sa ki bay laviktwa sou mond lan se lafwa nou.


跟着我们:

广告


广告