Jak 3:6 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil6 Lang lan tou, se kòm yon ti dife, se ladan nou jwenn tout sa ki pa bon. Li se yon pati nan kò nou, epi se li ki sal tout kò nou nèt. Lang nou mete dife nan lavi nou, depi nou fèt jouk tan nou mouri. Dife sa a, se dife lanfè a ki nan lang lan. 参见章节1998 Haïtienne6 Enben, lang se tankou dife. Se la tout lenjistis rete. Paske se yon manm nan kò nou li ye, l'ap kontaminen tout kò a nèt. Se lanfè menm ki mete dife nan li. Apre sa, li menm pou tèt pa l, li mete dife nan tout lavi nou. 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen6 Konsa lang lan se yon dife, yon vrè mond linikite a. Lang lan plase pami manm kò nou yo, kòm sila ki konwonpi tout kò a nèt. Li mete dife nan kous lavi nou menm, e li limen pa lanfè a. 参见章节 |
Men, yo te met men sou bèt la ansanm ak fo pwofèt la epi yo mete yo nan prizon. Fo pwofèt sa a te fè yon bann gwo mirak devan bèt la. Se kon sa li te twonpe moun ki te aksepte mak bèt la epi ki te adore estati l la. Yo jete bèt la ansanm ak fo pwofèt la tou vivan nan gwo letan dife mele ak souf ki t ap boule a.