Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jak 1:24 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

24 Lè l fin i, li pati epi li bliye kijan figi l te ye.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

24 Men, kou l vire do l ale, lamenm li bliye kisa li sanble.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Yon fwa, li fin gade tèt li e li ale, li gen tan bliye ki kalite moun li te ye a.

参见章节 复制




Jak 1:24
8 交叉引用  

Mesye yo te etone anpil, epi youn t ap di lòt: “Ki kalite moun nonm sa a ye? Menm van ak vag lanmè obeyi l?”


Tout moun ki te pran nouvèl sa k pase a t ap poze tèt yo anpil kesyon. Yo t ap mande tèt yo: “Ki sa ti gason sa a ap devni menm?” Yo te ka wè pouvwa Senyè a te avèk ti gason an.


Lè Farizyen ki te envite Jezi a wè sa, li di nan kè l: “Si nonm sa a te yon pwofèt vre, li t ap konnen ki kalite moun k ap manyen n nan, paske fi sa a se yon moun k ap mennen movèz vi.”


Lè n te pote Bòn Nouvèl Jezikris a, nou pa t fè sa nan pale sèlman. Men Bondye te montre puisans li, prezans Sentespri a te vrèman reyèl, epi ou menm, ou te kapab wè kijan nou te kwè totalman nan sa nou t ap di w. Epitou, jan nou menm nou te kondui tèt nou, sa te montre aklè kijan nou se moun Kris nou ye. Nou te fè sa kon sa pou byen ou menm.


Lè yon moun koute ansèyman pawòl Bondye yo, san l pa mete yo an pratik, se menm jan ak yon moun ki gade figi li nan yon glas epi ki wè kijan figi l ye.


Men, lè w plonje je w nan pawòl Bondye a ki libere moun, lè w fè atansyon ak sa l di, ou fè sa l mande w, se pa sèlman koute epi pou bliye, ou ap jwenn benediksyon Bondye nan tout sa w ap fè.


Poutèt se kon sa tout bagay sa yo gen pou yo detwi, konprann byen sa n dwe fè! Fòk nou gen yon konduit ki sen, ki montre atachman nou ak Bondye.


跟着我们:

广告


广告