Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Galat 5:3 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 M ap di ankò: Nenpòt moun ki kite yo sikonsi l, li oblije fè tout sa lalwa Moyiz la mande l fè tou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 M'ap repete sa m te di deja pou tout moun ki kite yo sikonsi yo: si yo fè sa, y'ap blije fè tou sa lalwa Moyiz la mande.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Epi mwen temwaye ankò a tout moun ki resevwa sikonsizyon, ke li anba obligasyon pou kenbe tout Lalwa a.

参见章节 复制




Galat 5:3
19 交叉引用  

Malè pou nou, avèg k ap mennen lòt moun. Nou di: Si yon moun sèmante sou tanp lan, li pa oblije kenbe pawòl li. Men si yon moun sèmante sou lò ki nan tanp la, li oblije kenbe pawòl li.


Nou di tou: Si yon moun fè sèman sou lotèl la, li pa oblije kenbe pawòl li. Men si yon moun fè sèman sou ofrann ki sou lotèl la, li oblije kenbe pawòl li.


Paske mwen gen senk (5) frè, pou l ka avèti yo pou yo pa vin isit la kote m ap soufri kon sa a.


Kèk mesye te soti peyi Jide vin lavil Antyòch. Yo kòmanse anseye kwayan yo pawòl sa yo: “Si yon moun pa sikonsi jan lalwa Moyiz la mande l la, li pa kapab sove.”


Pyè te di yo anpil lòt pawòl ankò pou fè yo kwè. Li eseye ankouraje yo. Li di yo: “Sove tèt nou. Wete kò nou nan mitan jenerasyon sa a k ap viv nan mechanste.”


M te toujou egzòte tout moun, Jwif tankou Grèk, pou yo chanje jan y ap viv la epi pou yo tounen vin jwenn Bondye. M te toujou mande yo pou yo mete konfyans yo nan Jezi, Senyè nou an.


Si w te fè sa Lalwa mande, sikonsizyon w lan ta gen sans. Men si ou vyole Lalwa, se kòm si w pa t janm sikonsi.


Men, tout moun ki patisipe nan fè sa lalwa mande, yo anba malediksyon. Paske Bib la di: “Malediksyon Bondye ap tonbe sou tout moun ki pa toujou pratike tout sa ki ekri nan liv lalwa a.”


Koute byen! Mwen menm Pòl, men sa m ap di nou: Si nou kite yo sikonsi nou, Kris p ap vle di anyen pou nou ankò.


Paske lè yon moun nan Jezikris, menm si l sikonsi, menm si l pa sikonsi, sa pa vle di anyen. Sa ki enpòtan se lafwa, kalite lafwa ki manifeste nan lamou.


Se poutèt sa, nan non Senyè a, men sa m ap di nou: Fè atansyon pou nou pa kontinye viv menm jan ak moun ki pa kwè yo. Moun sa yo, panse ki nan tèt yo p ap mennen yo okenn kote.


Piga nou fè frè ak sè nou yo mal oubyen twonpe yo nan zafè seksyèl. Se pa premye fwa n ap di ou sa, men n ap repete l ankò: Bondye ap pini tout moun ki komèt peche sa yo.


Nou menm nou te wè li epi n ap rakonte kijan Bondye Papa a te voye Pitit la pou l sove mond lan.


跟着我们:

广告


广告