Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Galat 5:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Koute byen! Mwen menm Pòl, men sa m ap di nou: Si nou kite yo sikonsi nou, Kris p ap vle di anyen pou nou ankò.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Tande byen. Men sa mwen menm Pòl m'ap di nou: Si nou kite yo sikonsi nou, sa vle di Kris la pa sèvi nou anyen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Gade, mwen menm, Paul, di nou ke si nou resevwa sikonsizyon, Kris p ap fè nou okenn benefis.

参见章节 复制




Galat 5:2
16 交叉引用  

Kèk mesye te soti peyi Jide vin lavil Antyòch. Yo kòmanse anseye kwayan yo pawòl sa yo: “Si yon moun pa sikonsi jan lalwa Moyiz la mande l la, li pa kapab sove.”


Nou aprann gen moun ki te soti bò isit la, yo ale lakay nou pou y al twouble nou. Pawòl moun sa yo pale yo boulvèse lespri nou. Nou vle nou konnen se pa nou menm ki te voye mesye sa yo al preche bagay konsa.


Te gen kèk nan kwayan Jerizalèm yo ki te fè pati gwoup Farizyen yo. Kwayan sa yo leve kanpe, yo di: “Kwayan lòt nasyon yo fèt pou yo sikonsi. Fòk nou mande yo pou yo obsève lalwa Moyiz la.”


Salitasyon sa a, se mwen menm Paul, ki ekri l ak pwòp men mwen.


Mwen menm Pòl, kèk moun di ki timid lè m nan mitan nou, epi ki sevè lè m lwen, mwen ta vle fè nou yon demand pèsonèl poutèt bonte ak dousè Kris la:


Frè m ak sè m yo, si m t ap di moun yo bezwen sikonsi, m pa ta kontinye sibi pèsekisyon. Si m t ap fè sa tou, mesaj lanmò Kris sou kwa a pa t ap deranje moun ankò?


Paske lè yon moun nan Jezikris, menm si l sikonsi, menm si l pa sikonsi, sa pa vle di anyen. Sa ki enpòtan se lafwa, kalite lafwa ki manifeste nan lamou.


Mwen menm Pòl, mwen te eseye plizyè fwa, men Satan te kanpe ankwa sou wout nou.


Mwen menm Pòl k ap ekri w ak pwòp men pa m, m ap ranbouse w. M pa kwè m ta bezwen di ou menm tou, ou gen dèt anvè m, ou dwe m lavi w.


men m pito mande w fè sa ak lanmou. Paske m konnen ki sousi ou genyen pou mwen, Pòl, ki fin granmoun epi ki nan prizon poutèt m ap sèvi Kris la.


Wi, zansèt yo te tande Bòn Nouvèl la menm jan avè nou, men li pa t itil yo anyen, paske yo pa t kwè ladan l.


跟着我们:

广告


广告