Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Galat 4:9 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Men kounye a, nou konnen vrè Bondye a. Ann di pito, se Bondye ki konnen nou. Alò, poukisa nou retounen al obeyi vye fòs san pouvwa san valè, bagay nou te swiv anvan yo? Èske nou vle retounen esklav bagay sa yo ankò?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Men, kounyeya nou rive konn Bondye, ou pito kounyeya Bondye konnen nou, kouman nou fè vle tounen al jwenn ti lespri sa yo ki tou fèb, tou mizerab? Ki jan pou nou vle tounen esklav yo ankò?

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Men koulye a, akoz nou vin konnen Bondye, oubyen pito di vin konnen pa Li menm, kòman ke nou vire ankò a vye prensip de baz fèb yo, pou nou ta renmen vin esklav yo ankò?

参见章节 复制




Galat 4:9
30 交叉引用  

Papa m remèt mwen tout bagay. Pèsonn pa konnen kilès Pitit la ye pi byen, eksepte Papa a. Pèsonn pa konnen kilès Papa a ye pi byen nonplis, eksepte Pitit la ak moun Pitit la chwazi pou fè konnen Papa a k ap konnen Papa a.


Se poutèt sa, moun mete diven nouvo nan yon barik nèf.


Mwen se bon bèje a, mwen konnen mouton m yo epi mouton m yo konnen m tou.


Mouton m yo ap koute vwa m, mwen konnen yo epi yo swiv mwen.


Lavi etènèl se lè yon moun konnen w kòm sèl vrè Bondye, epi lè l konnen Jezikris, moun ou voye a.


Bondye te deja konnen yo anvan l te kreye lemonn. Epi li te deside pou yo tounen menm jan ak Jezikris, pitit li a pou li ka premye pitit pami anpil frè ak sè.


Wi, Lalwa pa t gen fòs pou l ede nou poutèt feblès lachè nou. Men Bondye fè sa Lalwa pa t ka fè a: Li voye Pitit li a vini nan yon kò ki menm jan ak kò nou sèvi pou n peche a. Bondye voye l pou l regle koze peche a. Bondye kondane peche lachè sa a.


Kounye a, se yon reflè twoub n ap gade yon miwa. Men lè a gen pou rive kote n ap wè Bondye fasafas. Kounye a, mwen sèlman konnen Bondye anpati. Men lè a gen pou rive kote m ap konnen Bondye nèt, menm nivo Bondye konnen mwen.


Tounen vin nan bon sans ou! Ou ta dwe sispann fè peche! Gen pami nou moun ki pa konnen Bondye. Sa se yon wont pou nou!


Men moun ki renmen Bondye se li Bondye konnen.


Nou sipòte nenpòt moun ki trete nou tankou esklav epi ki eksplwate nou. Nou sipòte nenpòt moun ki twonpe nou, moun ki panse yo pi bon pase nou, menm moun ki ba nou souflèt nan figi nou.


Paske yon jou, Bondye di: “Se pou limyè briye nan fènwa.” Se menm Bondye sa a ki fè limyè li briye nan kè nou. Li fè nou konnen glwa li k ap briye sou vizaj Kris la.


Nou kòmanse viv nouvo lavi a dapre Sentespri a. Kòman nou fè panse nou ka vin pafè nèt avèk yon bagay san fòs kon sa tankou sikonsizyon?


Se menm bagay pou nou tou. Yon lè nou te menm jan ak timoun, nou te esklav yon bann fòs k ap domine sou lavi moun.


Mwen priye Bondye, Senyè nou an, Jezikris, Papa nou ki gen tout glwa a, pou li ban nou Sentespri a, li menm va fè n konnen tout verite ki genyen sou Bondye epi li va ede nou konprann tou. Konsa nou va konnen Bondye pi byen.


Poutan, fondasyon Bondye plante a p ap janm ranvèse, men sa ki ekri sou sa: “Senyè a konnen moun ki moun pa l yo”. Men kèk lòt pawòl ankò: Nenpòt moun ki di yo kwè nan Senyè a, li dwe sispann fè sa ki mal.


Ansyen sistèm nan rive nan bout li, paske l te fèb epi li pa t ka ede nou.


Moun ki konnen Jezikris, Senyè ak Sovè nou an, moun sa yo vire do bay move enfliyans lemonn. Men si yo retounen nan menm move bagay sa yo, yo ka tonbe anba kontwòl yo ankò. Lè sa a, sitiyasyon yo vin pi mal pase anvan.


Nou konnen Pitit Bondye a te vini epi li te ban nou entèlijans pou nou konnen Verite a. Epi nou nan verite a, nan Pitit li a, Jezikris. Se li ki Bondye toutbon vre a, se li ki lavi etènèl la.


跟着我们:

广告


广告