Galat 3:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil2 Men sa m ta byen renmen nou di m: Èske nou te resevwa Sentespri a lè nou te fè sa lalwa mande? Non, nou te resevwa Sentespri a lè nou te tande mesaj la epi nou te kwè l. 参见章节1998 Haïtienne2 M'ap mande nou yon sèl kesyon: Lè nou te resevwa Lespri Bondye a, èske se paske nou te fè sa lalwa mande osinon sa lafwa mande? 参见章节Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen2 Sèl bagay ke m vle konnen de nou; Èske nou te resevwa Lespri a pa zèv Lalwa yo, oubyen pa tande avèk lafwa? 参见章节 |
Lè moun kite chemen Kris la, ki lòt bagay ou ka fè ankò pou fè yo chanje lavi yo? M ap pale de moun ki gen tan aprann verite a, moun ki gen tan resevwa don Bondye, moun ki gen tan patisipe nan Sentespri a. Yo gentan tande mesaj la epi yo gentan wè puisans li k ap aji nan lemonn. Men, apre sa, yo vire do bay tout bagay. Li enposib pou fè moun kon sa chanje ankò. Moun ki rejte Kris la se klouwe y ap klouwe l sou kwa a ankò, se wont y ap fè li wont devan tout moun.