Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Galat 2:2 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Mwen te monte Jerizalèm paske Bondye te fè m konnen mwen te bezwen fè sa. Lè m rive, mwen eksplike moun legliz yo mesaj levanjil m ap preche a pami moun ki pa Juif yo. Mwen te fè yon rankont an prive tou ak sila yo ki te konsidere kòm lidè yo, pou m te asire m efò m t ap fè yo pa t pou granmesi.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Kifè m te moute a, se paske Bondye te fè m konnen pou m te fè sa. Nan yon reyinyon mwen te gen apa ak dirijan yo, mwen mete devan yo Bòn Nouvèl mwen t'ap anonse moun ki pa jwif yo. Mwen pat vle pou ni travay mwen te fin fè a, ni travay mwen t'ap fè a pase pou anyen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Se te akoz yon revelasyon ke mwen te monte a. Epi konsa, mwen te soumèt devan yo menm levanjil ke mwen preche pami pèp etranje yo. Men mwen te fè sa an prive a sila ki te gen repitasyon yo, pou lakrent ke mwen ta ka petèt kouri, oubyen te kouri anven.

参见章节 复制




Galat 2:2
26 交叉引用  

Fè atansyon! M ap voye nou tankou ti mouton nan mitan lou. Se pou nou entèlijan tankou koulèv, se pou nou pèzib tankou pijon.


Apre sa, tout gwoup la rete an silans epi Banabas ak Pòl rakonte yo tout mirak ak tout bèl bagay Bondye pèmèt yo fè nan mitan moun ki pa Jwif yo.


Pòl ak Banabas pa t dakò ak ansèyman mesye yo ditou. Sa te lakoz gwo diskisyon. Konsa, frè yo nan vil Antyòch deside voye Pòl ak Banabas, ansanm ak kèk lòt moun, ale Jerizalèm pou diskite kesyon an ansanm avèk apot yo ak lidè yo.


Lè mesye yo rive Jerizalèm, ni apot yo, ni lidè yo ansanm ak tout legliz la nèt te byen resevwa yo. Apre sa, Pòl ak Banabas ansanm ak lòt frè yo, rakonte tout sa Bondye te pèmèt yo fè.


Pòl te fè yon vizyon, nan mitan lannuit. Li wè Senyè a ki di li: “Ou pa bezwen pè! Ou mèt kontinye pale ak pèp la.


Nan lannuit jou sa a, Pòl wè Jezi Senyè a ki parèt devan l epi li di l: “Pran kouray! Paske menm jan ou rann temwanyaj pou mwen isit Jerizalèm, se kon sa ou gen pou rann temwanyaj pou mwen tou, nan lavil Wòm.”


Konsa, youn nan manm Konsèy la leve kanpe. Se te yon farizyen yo te rele Gamalyèl. Nonm sa a se te yon pwofesè lalwa tou epi tout pèp la te respekte. Li mande pou yo fè apot yo fè yon ti soti pou yon ti moman pou l ka di sa l gen pou di a.


Konsa, gras Bondye pa depann de moun ki vle oubyen de moun ki kouri byen nan kous la, men sa depann de Bondye sèlman ki chwazi moun li vle.


men nou menm nou preche Kris krisifye. Jwif yo konsidere mesaj sa a tankou yon eskandal. Moun ki pa Jwif yo konsidere l tankou foli.


Mwen te pito deside lè m te lakay nou pou m te bliye tout lòt bagay eksepte Jezikris ak lanmò li sou lakwa.


Nou konnen lè gen kous gen anpil moun k ap kouri. Men se yon sèl k ap ranpòte pri a, pa vre? Konsa, an nou kouri nan kous la yon fason pou nou ranpòte pri a.


Se poutèt sa mwen pa kouri tankou chyen fou, mwen gen yon kote m vle rive. Mwen batay tankou yon boksè. Mwen pa voye kout pwen danlevid.


Fò m kontinye vante tèt mwen, menmsi m pa wè sa l ap itil. Kanmenm mwen vle pale sou vizyon yo ak revelasyon yo ki soti nan Senyè a.


Paske se pa moun ki te ban mwen l, ni se pa moun ki te anseye m li. Se Jezikris ki te fè m konnen Levanjil sa a.


Epitou, lè Bondye te deside fè m wè aklè ki lès Pitit li a ye, poutèt pou m te ka pale de li pami moun ki pa Juif yo, mwen pa t kouri al mande okenn moun konsèy.


Mwen sezi wè kijan nou gentan vire do bay Bondye. Se Bondye ki te fè nou favè, li sove nou gras ak Jezikris. Kounye a nou vle aksepte yon lòt levanjil.


Mesye yo te rekonèt kòm gwo lidè yo, yo pa t chanje mesaj mwen an. (Vrèmanvre, kèlkeswa sa yo ye a, sa pa t fè okenn diferans, paske Bondye pa gade sou figi moun). Wi, gwo lidè yo pa t ajoute anyen nan mesaj mwen t ap preche a.


Alò, tout moun rekonèt Jak, Pyè ak Jan kòm gwo lidè nan legliz Jerizalèm nan. Lè mesye sa yo wè favè Bondye te fè m, yo bay Banabas avèk mwen lanmen asosyasyon pou montre se ansanm n ap travay. Yo montre nou yo dakò pou n kontinye travay ak moun ki pa Juif yo, alòske, yo menm, y ap travay ak Juif yo.


Nou te kòmanse kous la trè byen, kisa k pran tèt nou pou fè nou sispann swiv verite a?


Ba yo tout ansèyman ki bay lavi, pou m ka fyè de nou, lè Jezi va retounen. M va wè m pa t travay an ven.


Resevwa l byen nan Senyè a ak anpil jwa. Se moun tankou Epafwodit nou bezwen onore.


Konsa, kòm m pa t ka tann ankò, mwen te voye Timote pou pran nouvèl sou kijan lafwa ou ap mache. Mwen te gen krentif pou satan, tantatè a, pa t gentan fè nou tonbe, epi pase travay nou te fè nan mitan nou anba pye.


Mwen te mennen yon bon konba, mwen fini kouri nan kous la, mwen sèvi Senyè a fidèlman.


Nou gen anpil egzanp tankou sa yo. Lavi moun sa yo fè nou konprann lafwa pi byen. Konsa, nou menm tou, an nou fè jefò pou n kouri nan kous ki louvri devan nou an. An nou mete sou kote tout bagay k ap ralanti kous nou, ak tout peche k ap detounen pye nou detanzantan pou fè nou kite chemen an.


跟着我们:

广告


广告