Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Galat 1:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Jezi te bay lavi li pou peye dèt peche nou yo, pou l delivre nou anba move bagay ki nan mond sa a. Se sa menm Bondye Papa nou te vle.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Dapre volonte Bondye, Papa nou, Kris la te bay tèt li pou peche nou yo, pou l te ka delivre nou anba move tan mechan ki sou latè kounyeya.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 ki te bay tèt li pou peche nou yo, pou Li ta kapab delivre nou de tan mechan sila a, selon volonte Bondye ak Papa nou an.

参见章节 复制




Galat 1:4
56 交叉引用  

Grenn ki tonbe nan touf pikan an, se moun ki tande mesaj la, men sousi lavi ak renmen lajan toufe mesaj la nan lavi yo. Konsa pa gen okenn chanjman nan lavi yo.


Fè menm jan ak Pitit Lòm nan, li pa vini pou moun sèvi l, men l vini pou l ka sèvi moun epi bay lavi l pou peye delivrans anpil moun.”


Sa a se san mwen k ap siyen nouvo kontra a. L ap koule pou padon peche anpil moun.


Jezi deplase yon dezyèm fwa pou l te ka priye. Li di: “Papa, si sèl chwa mwen genyen se pase anba soufrans, se pou volonte w fèt.”


Men kijan ou dwe priye: Papa nou ki nan syèl la, se pou tout moun fè lwanj pou non ou ki sen.


Paske menm Pitit Lòm nan pa vini pou moun sèvi l, men l vini pou l ka sèvi moun epi bay lavi l pou peye delivrans anpil moun.”


Apre sa, li pran pen. Apre l fin di Bondye mèsi, li kase pen an, li bay apot yo li, li di yo: Sa a se kò mwen, m ap bay kòm sakrifis pou nou an. Fè sa pou nou sonje mwen.


Li di: “Papa, si se volonte w, tanpri retire gode soufrans sa a devan mwen. Men, se pa volonte pa m ki pou fèt. Se volonte pa w.”


Mwen se bon bèje a, epi bon bèje a bay lavi li pou mouton l yo.


Kounye a lè jijman lemonn rive, lè a rive pou chèf k ap domine sou lemonn nan tonbe.


Mwen pa kapab fè anyen poukont mwen. Mwen jije dapre jan Papa a di mwen. Epi jijman mwen an jis, paske mwen p ap chache fè pwòp tèt mwen plezi. M ap chache fè moun ki voye m nan plezi sèlman.


Bondye voye m vin soti nan syèl pou m fè sa Bondye vle, pa sa mwen vle.


Lèt sa a, se pou tout byenneme ki nan lavil Wòm. Bondye chwazi nou pou n ka viv tankou yon pèp ki apa pou li. Se pou Bondye, papa nou, ansanm ak Jezikris, Senyè nou ban nou gras ak lapè li.


Pa panse oubyen pa aji menm jan ak moun ki nan lemonn. Men, kite Bondye transfòme w, kite l ba w yon entèlijans nouvo. Konsa, ou va an mezi pou w konprann volonte Bondye: Sa ki bon, sa ki fè l plezi, sa ki san fay.


Bondye te bay Jezi pou l te ka mouri pou peche nou. Epi li resisite l, pou l kapab aksepte nou kòm moun dwat devan l.


Bondye gentan konnen panse ki nan fon kè nou. Epi li konprann sa Sentespri a gen entansyon di li, paske Sentespri a ap pale pou pèp Bondye a yon fason ki tonbe daplon ak volonte Bondye.


Wi, Lalwa pa t gen fòs pou l ede nou poutèt feblès lachè nou. Men Bondye fè sa Lalwa pa t ka fè a: Li voye Pitit li a vini nan yon kò ki menm jan ak kò nou sèvi pou n peche a. Bondye voye l pou l regle koze peche a. Bondye kondane peche lachè sa a.


Menm pwòp pitit li Jezikris Bondye pa anpeche l soufri pou nou, li te livre l pou nou tout. Sa fè nou kwè Bondye p ap manke ban nou tout bagay ak Jezikris, pitit li a.


Mwen te ban nou mesaj la jan m te resevwa l la. Men sa m te di nou, epi se sa yo ki gen plis enpòtans: Kris mouri pou peche nou yo, jan Bib la di l la.


Chèf mond sa a avegle entèlijans moun ki pa kwè yo. Konsa, yo pa ka wè limyè Levanjil laglwa Kris la k ap briye. Tout sa Bondye ye se sa Kris la ye.


Konsa, nou wè m ap viv, men se pa mwen k ap viv, se Kris k ap viv nan mwen. M ap viv nan kò a, se paske pitit Bondye a renmen m, li bay lavi l pou mwen epi mwen mete konfyans mwen nan li.


Si se pou mwen, m p ap janm fè grandizè. Yon sèl bagay ki pou ta fè m fè grandizè se lanmò Kris la sou kwa a. Poutèt lanmò sa a, mwen krisifye pou lemonn, epi lemonn krisifye pou mwen tou.


Nan Kris, Bondye chwazi nou pou nou vin pèp li. Li te deja planifye pou nou vin pèp li, paske se sa menm li vle. Bondye deside kijan tout bagay ap pase epi li fè tout bagay pase nan jan pou l reyalize plan l.


Wi, se vre, lontan lavi nou te plen ak peche. Nou t ap viv jan lemonn viv. Nou t ap fè volonte lespri k ap dirije pouvwa mechan yo ki nan lè a. Se li menm k ap travay nan lavi moun k ap dezobeyi Bondye yo.


Pa kite okenn bon okazyon pase pou nou pa fè sa ki byen, paske tan sa yo n ap viv la a pa bon menm.


An n mennen yon lavi ki ranpli ak lanmou. An n renmen lòt moun yo, menm jan Kris la renmen nou. Li te bay lavi l pou nou tankou yon ofrann, yon sakrifis yo ofri bay Bondye epi ki fè Bondye plezi ak bon sant li.


Paske nou nan yon batay, epi se pa avèk moun parèy nou n ap goumen. Men, n ap goumen kont yon kolonn chèf, pouvwa, ak otorite k ap gouvène lemonn ki limenm nan fènwa. N ap goumen kont yon bann move lespri envizib ki nan syèl yo.


N ap fè louwanj pou Bondye Papa a pou tout tan gen tan. Amèn!


Nou pa janm bliye jan nou montre lafwa nou nan jan nou travay di, lanmou nou nan jan nou aji, espwa nou nan Senyè Jezikris nan jan nou kenbe fèm.


Se pou Bondye Papa nou ak Senyè nou Jezikris ranje tout bagay pou nou ka vin wè ou.


Se pou Senyè a fòtifye kè nou pou l ka vin san repwòch epi sen nèt devan Bondye Papa a, lè Jezikris Senyè nou ap retounen ak moun pa l yo.


Kounye a se pou Jezikris Senyè nou an ansanm ak Bondye Papa nou, li menm ki te montre nou kijan li renmen nou epi tou ki ban nou, nan gras li, ankourajman etènèl ansanm ak yon esperans solid,


Li te bay lavi l pou peye pri liberasyon tout moun. Se mesaj sa a Bondye te bay nan tan li te chwazi pou sa.


Jezikris te bay lavi l pou nou, pou l kapab delivre nou soti anba tout sa ki mal, pou l fè nou pwòp. Li vle fè nou yon pèp ki rele l chè mèt chè mètrès epi ki zele pou fè sa ki byen.


Bondye pa chwazi zanj pou l bay gouvène mond tounèf ki gen pou vini an. Se de mond tounèf sa a n ap pale a.


Pa gen okenn dout san Kris la ka fè plis toujou. Kris te ofri tèt li bay Bondye, pa mwayen Sentespri a ki te toujou la, tankou yon sakrifis san defo. San li ap netwaye nou nèt anba tout bagay mal nou te fè. L ap ban nou yon konsyans ki klè pou nou ka sèvi Bondye vivan an.


Nou pa fidèl ak Bondye! Nou ta dwe konnen sa, lè nou renmen bagay ki nan mond lan, otomatikman nou rayi Bondye. Konsa, tout moun ki vle zanmi ak mond sa a, li vin lènmi ak Bondye.


Kris “te pote peche nou yo” nan kò li sou lakwa. Se poutèt sa nou fin viv pou peche epi nou ka mennen yon vi ki fè Bondye plezi. “Paske blesi li yo geri nou”.


Kris li menm te mouri yon fwa pou peche nou yo. Li menm ki te inosan, li mouri pou koupab yo, pou l mennen yo bay Bondye. Moun yo te touye l, men Sentespri Bondye a te resisite l.


Se pa mwayen sakrifis Jezi a peche nou padone. Epitou, se pa sèlman peche pa nou yo, men tou, peche tout moun.


Men kijan nou konnen sa lanmou ye: Jezi bay pwòp lavi l pou nou, menm jan an tou, nou dwe bay lavi nou pou frè ak sè nou yo.


ansanm ak Jezikris, temwen fidèl la. Li se premye pami moun ki va resisite yo, li se chèf tout wa sou latè. Jezikris renmen nou epi ak san li, li delivre nou anba pouvwa peche nou yo.


Yo t ap chante yon nouvo chan: “Ou diy pou w pran woulo liv la epi pou kase sele yo, paske ou te mouri an sakrifis, epi ak san ou, ou te achte pou Bondye moun tout ras, tout lang, tout pèp ak tout nasyon.


Apre sa, m gade ankò, m wè se te yon gwo foul moun. Yo te si tèlman anpil pèsòn pa t ka konte yo tout. Se te moun ki te soti nan tout nasyon, tout ras fanmi, tout pèp ak tout kalite lang. Yo te la devan twòn nan ak devan Ti Mouton an, yo te abiye ak wòb blan ak branch bwa nan men yo.


跟着我们:

广告


广告