Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Galat 1:16 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Epitou, lè Bondye te deside fè m wè aklè ki lès Pitit li a ye, poutèt pou m te ka pale de li pami moun ki pa Juif yo, mwen pa t kouri al mande okenn moun konsèy.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Konsa, lè se te lide l pou l te fè m konnen Pitit li a, pou m te ka anonse Bòn Nouvèl li a nan mitan moun ki pa jwif yo, wi, lè sa a, mwen pat al mande pèsonn konsèy.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 pou revele Fis Li a nan mwen menm, pou mwen ta kapab preche li pami pèp etranje yo, mwen pa t nan moman sa a konsilte avèk chè ak san.

参见章节 复制




Galat 1:16
30 交叉引用  

Jezi di Pyè: “Simon, pitit Jonas, ou se yon nonm beni. Sa w di la a, yon lòm pa ta ka fè w konnen l. Se sèl Papa m ki nan syèl la ki te ka fè konnen sa.


Fè je nou klè! Epi priye pou nou pa tonbe nan tantasyon! Lespri a byen dispoze, men lachè a fèb.”


Lè sa a, Senyè a di m: Ale non! M ap voye w byen lwen al preche moun ki pa Jwif yo.”


Chak jou ki pase, Apot yo te nan Tanp lan epi yo te mache kay an kay tou. Yo pa t janm sispann anseye sa Bib la di epi preche Bòn Nouvèl konsènan Jezikris la.


Men, Senyè a di Ananyas: “Al fè sa m di w la, paske nonm sa a se yon enstriman mwen chwazi pou rann temwanyaj pou mwen devan payen yo, devan wa yo ak tout pèp Izrayèl la.


San l pa t pran tan, li te kòmanse ale nan tout sinagòg yo ap pale de Jezi. Li t ap di moun yo, “Jezi se Pitit Bondye!”


Bondye montre m bonte li pa mwayen Jezikris. Li ban m otorite pou m ale pou m ka fè tout moun nan tout nasyon kwè nan li epi obeyi l. Tout travay sa a, se pou li menm sèl. M fè tout sa pou m fè lwanj pou Kris.


M ap di nou sa, nou menm moun ki pa soti nan ras Jwif yo: Mwen se moun Bondye voye pale avè nou. M bay travay sa a anpil enpòtans.


M ap di nou sa frè m ak sè m yo, kò sa ki fèt avèk chè epi san pa kapab eritye wayòm Bondye a. Bagay ki ap pouri pa gen anyen pou l wè avèk bagay ki pa ka pouri.


Paske yon jou, Bondye di: “Se pou limyè briye nan fènwa.” Se menm Bondye sa a ki fè limyè li briye nan kè nou. Li fè nou konnen glwa li k ap briye sou vizaj Kris la.


Konsa, nou sispann gade moun ak menm je lèzòm gade moun. Se vre, se kon sa nou te konnen Kris la nan tan pase. Men nou pa panse kon sa ankò.


Kounye a, apre katòzan, mwen tounen Jerizalèm ankò, ansanm ak Banabas. Mwen te mennen Tit avè m tou lè sa a.


Konsa, mwen menm Pòl, mwen se yon prizonye, paske m ap sèvi Jezikris pou nou menm ki pa Jwif.


Paske nou nan yon batay, epi se pa avèk moun parèy nou n ap goumen. Men, n ap goumen kont yon kolonn chèf, pouvwa, ak otorite k ap gouvène lemonn ki limenm nan fènwa. N ap goumen kont yon bann move lespri envizib ki nan syèl yo.


Yo fè tout sa yo konnen pou anpeche nou pataje Bòn Nouvèl Jezikris la ak moun lòt nasyon yo. Yo pa vle payen yo sove. Konsa, yo rive nan dènye bout mechanste yo. Lè sa, yo tonbe anba kòlè Bondye.


Se poutèt temwanyaj sa a, Bondye chwazi m pou fè m yon predikatè, yon apot. Li ban m responsablite pou m anseye moun ki pa Jwif yo sa yo dwe kwè, pou m di yo verite a. Se pa manti m ap bay, sa m ap di a, se verite a.


Bondye ban m responsabilite pou m preche Bòn Nouvèl sa a kòm yon apot, epi kòm yon pwofesè.


Pitit sa yo se moun ki gen yon kò ki fèt avèk chè ak san. Jezi pran menm kalite kò sa a pou l ka fè menm kalite esperyans avèk yo. Jezi te vin tounen menm jan ak yo, kon sa lanmò l te ka detwi satan ki gen pouvwa lanmò a.


跟着我们:

广告


广告