Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Galat 1:1 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Se mwen menm Apot Pòl k ap salye nou. Se pa ni yon gwoup moun, ni yon moun an patikilye ki banm otorite m kòm apot, men se Jezikris ak Bondye Papa a ki te resisite Kris la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Mwen menm Pòl, se pa moun ki te chwazi m', ni Bondye pa te voye yon moun chwazi mwen, men se Jezikri menm, ansanm ak Bondye Papa a ki te resisite li nan lanmò, se yo menm menm ki te chwazi mwen apot.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Mwen, Paul, yon apot ki pa t voye pa lèzòm, ni pa okenn ajans lòm, men pa Jésus Kri, ak Bondye Papa a, ki te fè L leve soti nan lanmò—

参见章节 复制




Galat 1:1
35 交叉引用  

Mwen menm ak Papa a nou se youn.”


Yon lòt fwa ankò, Jezi di yo: “La pè avèk nou. Menm jan Papa a te voye m, kon sa mwen menm mwen voye nou tou.”


Men jezi reponn yo: “Se vre! Amèn! Men m ap di tou: Pitit la pa kapab fè anyen poukont li. Li fè sa l wè Papa l ap fè sèlman.


Mwen reponn vwa a: Ki sa pou m fè Senyè? Senyè a reponn: Leve, antre nan vil Damas la. Lè w rive la, y a di w tout sa m gentan planifye pou ou, pou w fè.


Se kon sa nou te touye Jezi, li menm ki bay lavi. Men Bondye te fè l leve soti vivan pami mò yo. Nou menm nou se temwen tout bagay sa yo.


Leve, antre nan vil la, se la yon moun va di w kisa ou dwe fè.”


Se mwen menm Pòl, sèvitè Jezikris, k ap salye nou. Bondye te chwazi m pou m vin Apot epi li ban m responsabilite pou m preche Bòn Nouvèl li a.


Si ou temwanye ak bouch ou Jezi se Senyè, epi si w kwè nan kè w vrèman vre Bondye te resisite l, w ap sove.


Se poutèt sa, Kris te mouri epi li resisite, se pou l ka Senyè moun ki mouri ak moun ki vivan yo.


Mwen menm Pòl, apot Jezikris, paske Bondye limenm deside chwazi m, ansanm ak frè nou Sostèn,


Mwen menm Pòl, mwen vin apot Jezikris paske se sa Bondye te vle. Mwen menm ak Timote frè nou, nou voye salitasyon pou tout moun ki fè pati legliz Bondye a nan lavil Korent, ansanm ak tout moun k ap sèvi Bondye nan tout Lakayi.


Men, li te nan plan Bondye pou l te mete m apa pou li depi nan vant manman m, epi li te rele m nan gras li.


Ni mwen pa t al nan legliz Jerizalèm nan pou m te wè moun ki te apot anvan m yo. Olye m te fè sa, mwen t al yon kote ki rele Arabi, epi pita mwen te retounen nan lavil Damas.


Se mwen menm ki gen mwens enpòtans pami tout pèp Bondye a. Epoutan, se mwen menm li bay don sa a, don pou m fè moun ki pa Jwif yo konnen Bòn Nouvèl konsènan tout richès ki genyen nan Kris la.


Mwen menm, Pòl, mwen se apot Jezikris, paske se sa Bondye vle. Mwen gen responsabilite pou m anonse pwomès lavi a, pa mwayen Jezikris.


Lè bon moman an te rive, li te fè moun konnen Bòn Nouvèl sa a. Bondye Sovè nou an te ban mwen mesaj sa a epi li pase m lòd pou m fè tout moun konnen sa l di.


Se pou Bondye, ki se sous lapè a, ban nou tout sa nou gen bezwen pou n ka fè volonte l. Se Bondye li menm ki te resisite Jezi Senyè nou an, pi gran Bèje mouton l yo. Li te ofri san l kòm garanti pou kòmanse yon nouvo kontra ki pa gen fen. Se pou Bondye kontinye fòme nou pa mwayen Jezikris pou n toujou fè bon bagay ki fè l plezi. Se li menm ki merite glwa pou tout letènite. Amèn!


Nou Kwè nan Bondye granmesi Jezikris. Se Bondye ki te leve Jezi vivan nan lanmò epi se li menm ki te ba li laglwa. Konsa se nan Bondye lafwa ak esperans nou soti.


Se mwen menm ki vivan an. Mwen te mouri, men kounye a, mwen vivan pou tout tan epi mwen gen pouvwa sou lanmò, mwen gen pouvwa sou kote mò yo ye a.


ansanm ak Jezikris, temwen fidèl la. Li se premye pami moun ki va resisite yo, li se chèf tout wa sou latè. Jezikris renmen nou epi ak san li, li delivre nou anba pouvwa peche nou yo.


Ekri voye bay anj legliz Esmin nan: Men kisa moun ki premye ak dènye a voye di w, moun ki te mouri epi ki resisite a.


跟着我们:

广告


广告