Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Filipyen 4:7 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Lè sa a, lapè Bondye ki depase tout sa yon moun kapab konprann va kenbe kè nou ak panse nou nan Jezikris.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Konsa, Bondye va ban nou kè poze nan jan pa l, bagay lèzòm pa ka konprann. La kenbe kè nou ak lespri nou fèm nan Jezikri.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

参见章节 复制




Filipyen 4:7
43 交叉引用  

L ap klere sa yo k ap viv nan fènwa epi ki chita anba lonbray lanmò. L ap gide nou nan chemen lapè a.”


“Lwanj pou Bondye nan syèl la, epi kè poze sou latè pou tout moun ki fè Bondye plezi.”


M ap kite nou ak lapè mwen, m ap ban nou lapè nan jan pa m, se pa menm jan ak lemonn. Se pou nou sispann gen kè kase ak lapèrèz.


Mwen di nou sa pou n ka gen kè poze nan mwen menm. Nan mond sa n ap pase anpil tray. Men pran kouray, mwen gen laviktwa sou lemonn.”


Lèt sa a, se pou tout byenneme ki nan lavil Wòm. Bondye chwazi nou pou n ka viv tankou yon pèp ki apa pou li. Se pou Bondye, papa nou, ansanm ak Jezikris, Senyè nou ban nou gras ak lapè li.


Wayòm Bondye a, se pa yon zafè manje ak bwè. Sa ki enpòtan se sa ki jis, se lapè, se lajwa ki soti nan Sentespri a.


Se pou Bondye, ki bay esperans lan, ranpli nou ak kè kontan ak lapè poutèt konfyans nou. Se pou esperans nou rive debòde pa mwayen puisans Sentespri a.


Nou se moun Bondye deklare jis devan li, poutèt lafwa nou. Konsa, nou tout fè lapè ak Bondye pa mwayen Jezikris, Senyè nou an.


Lè yon moun gen panse l anba kontwòl feblès li, se wout lanmò li pran. Men lè yon moun gen panse l anba kontwòl Sentespri a, se wout lavi ak lapè li pran.


n ap detwi tout vye panse ògeye ki opoze ak konesans Bondye. N ap mete tout panse anba kòd pou fè yo obeyi Kris la.


Kounye a frè m ak sè m yo, m ap fini lèt la: Se pou nou gen yon kè kontan k ap debòde. Fè sa n ap fè nan ladwati. Fè sa m mande nou pou nou fè yo. Mete tèt nou ansanm. Viv nan lapè. Epi Bondye lanmou ak lapè a ap akonpanye nou.


Okontrè, men ki fwi Sentespri a pwodui nan lavi moun: lamou, lajwa, lapè, pasyans, bon kè, byenveyans, lafwa,


Se vre, pèsonn p ap ka rive konnen grandè lanmou Kris la nètale. Malgre sa, m priye pou nou rive konnen lanmou sa a pou nou ka vin ranpli ak tou richès ki nan Bondye.


Mwen menm Pòl ak Timote, sèvitè Jezikris, nou salye nou tout, pèp ki apa pou Bondye a, ansanm ak tout lòt lidè ak dyak legliz k ap viv nan vil Filip.


Se pou Bondye Papa nou ak Jezikris, Senyè nou an ban nou benediksyon ak lapè.


Se pou Bondye m nan ban nou tou sa nou gen bezwen ki soti nan richès laglwa li nan Jezikris.


Salye tout pèp Bondye a nan Jezikris. Frè ki avè m yo salye nou tou.


Mete sa nou aprann an pratik, pratike sa nou te resevwa nan menm; sa nou tande ak sa nou wè nan lavi m. Epi Bondye ki sous lapè a va avèk nou.


Se pou lapè ki soti nan Kris la kontwole tout panse nou. Bondye te rele nou pou nou viv nan lapè epi li mete nou ansanm nan yon sèl kò. Se pou nou toujou ap di Bondye mèsi.


Nou priye Senyè ki konn bay lapè a pou l ba w lapè nèt ale nan tout bagay. Se pou Segnè avèk nou tout.


Se pou Bondye, ki se sous lapè a, ban nou tout sa nou gen bezwen pou n ka fè volonte l. Se Bondye li menm ki te resisite Jezi Senyè nou an, pi gran Bèje mouton l yo. Li te ofri san l kòm garanti pou kòmanse yon nouvo kontra ki pa gen fen. Se pou Bondye kontinye fòme nou pa mwayen Jezikris pou n toujou fè bon bagay ki fè l plezi. Se li menm ki merite glwa pou tout letènite. Amèn!


Mwen menm se Jid, sèvitè Jezikris la, epi frè Jak la. M ap ekri pou tout moun Bondye rele yo. Li renmen yo epi l ap gade yo pa mwayen Jezikris.


Se Jan k ap ekri voye bay sèt legliz ki nan zòn Azi a: Gras ak lapè Bondye pou nou, limenm ki la, ki te toujou la, epi ki nan wout ap vini an, ansanm ak sèt espri Bondye yo ki devan twòn li a,


Se pou tout moun ki gen zòrèy tande kisa Sentespri a ap di legliz yo! Moun ki ranpòte laviktwa yo, m ap ba yo lamàn kache. M ap ba yo chak yon wòch blan tou. Sou wòch sa a, gen yon non nouvo ki ekri, yon non pèsòn lòt moun pa konnen, sèlman moun ki resevwa l la.


跟着我们:

广告


广告