Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Filipyen 4:4 - Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Toujou kontan nan Senyè a! M ap repete sa, fè kè nou kontan!

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Se pou nou toujou kontan nan lavi n'ap mennen ansanm nan Senyè a. M'ap repete l ankò: Fè kè nou kontan anpil.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou!

参见章节 复制




Filipyen 4:4
18 交叉引用  

Nou mèt kòmanse fè kè nou kontan paske se pa ti rekonpans ki rezève pou nou nan syèl la. Ansyen pwofèt yo te pase anba menm kalite pèsekisyon sa yo.


Vè minui konsa, Pòl ak Silas t ap priye epi yo t ap chante louwanj Bondye. Lòt prizonye yo menm t ap koute.


Apot yo ale kite Konsèy Jwif yo. Yo t ap rejwi nan kè yo dèske Bondye te wè yo diy pou yo sibi lawont kon sa pou non Jezi.


Se pou n gen kè kontan poutèt espwa nou genyen. Nan lafliksyon, se pou n gen pasyans. Se pou nou toujou rete nan lapriyè.


Yo gade nou tankou moun ki gen anpil tristès, men poutan nou toujou gen jwa nan kè nou. Yo gade nou tankou pòv, men nou fè anpil moun rich ak lafwa. Yo gade nou tankou moun ki pa gen anyen, men poutan nou posede tout bagay.


Men sa m ap di nou: menmsi se ta youn nan nou menm apot yo, menmsi se ta yon anj ki soti nan syèl la, ki ta vin preche nou yon Levanjil ki depaman ak sa nou te resevwa a, se pou malediksyon Bondye tonbe sou li.


Konsa tou, nou ta dwe kontan epi pataje lajwa nou avè m.


Kounye a, frè m ak sè m yo, se pou n fè kè n kontan nan Senyè a. Se pa yon pwoblèm pou mwen pou m ta kontinye ekri nou menm bagay yo. Li bon pou nou.


Okontrè, fè kè nou kontan, paske n ap patisipe nan soufrans Kris la. Nou gen pou n kontan nèt ale lè Kris la va parèt nan glwa li.


跟着我们:

广告


广告